Jou 96 sou 365

2 Samyèl 17–19

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Samyèl 17

1Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa: -Kite m' chwazi douzmil (012.000) sòlda. M'ap pati aswè a menm dèyè David. 2M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l', m'ap fè l' pè. Lè sa a, tout moun ki avè l' yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye. 3Lèfini, m'ap mennen tout lòt moun yo vin jwenn ou, menm jan yon madan marye tounen vin jwenn mari l'. Se yon sèl moun ou vle yo touye, pa vre. Apre sa, repo pou tout moun. 4Koze a te fè Absalon ak tout chèf moun Izrayèl yo plezi. 5Absalon di konsa: -Rele Ouchayi, moun peyi Ak la. Ann tande sa li gen pou l' di nou. 6Lè Ouchayi rive, Absalon di l' konsa: -Men konsèy Achitofèl ban nou. Eske se pou nou fè sa li di nou fè a? Si ou pa dakò, di nou sa pou nou fè. 7Ouchayi reponn li: -Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm. 8Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo. 9Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo. 10Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouraj, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l' yo se brave danje. 11Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo. 12Nenpòt kote David ye, n'a tonbe sou li tankou lawouze sou fèy bwa, n'a atake l' anvan menm li konnen sa k'ap rive l'. Nou p'ap kite pesonn chape, ni li, ni yonn nan moun pa l' yo. 13Si li al kache kò l' nan yon lavil, tout moun Izrayèl yo va pran kòd, y'a mare lavil la, y'a trennen l' al jete anba nan fon an. Yo pa t' kite yon grenn wòch sou tèt mòn kote lavil la te ye a. 14Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon. 15Apre sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo: -Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo. 16Koulye a, prese voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l' al pi lwen toujou pou yo pa touye l' ansanm ak moun pa li yo. 17Jonatan, pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pa t' ka antre nan lavil la pou moun pa t' wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David. 18Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'. 19Madanm nonm lan pran yon gwo dra, li kouvri bouch pi a. Lèfini, li simen grenn pile sou li, konsa pesonn pa wè sa ki anba dra a. 20Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm. 21Lè yo fin ale, Akimaz ak Jonatan soti nan pi a, y' al pote nouvèl bay wa David. Yo rakonte l' ki konsèy Achitofèl te bay Absalon. Epi yo di l': -Prese janbe lòt bò larivyè Jouden. 22Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gen tan lòt bò larivyè a. 23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'. 24Lè Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gen tan rive lavil Manayim. 25Absalon te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Izmayèl. Manman l' te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab. 26Absalon ak moun peyi Izrayèl yo moute tant yo nan peyi Galarad. 27Lè David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad. 28Twa mesye sa yo te pote bagay pou moun kouche, bòl, kaswòl ak manje pou David ak moun pa l' yo. Te gen ble, lòj, farin, grenn griye, ti pwa ak gwo pwa tout kalite, 29siwo myèl, bè, fwomaj lèt bèf, fwomaj lèt mouton. Yonn te di lòt: -Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.

2 Samyèl 18

1Wa David sanble tout moun li yo. Li chwazi chèf pou chak rejiman mil sòlda ak pou chak divizyon san sòlda. 2Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou. 3Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (010.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou. 4W'a reponn yo: -Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, li al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap soti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman. 5Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a: -Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande! Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a. 6Lame David la soti al goumen ak moun peyi Izrayèl yo. Batay la te fèt nan rakbwa Efrayim lan. 7Lame David la bat lame Absalon an byen bat. Jou sa a, lame Absalon an pèdi venmil (020.000) sòlda. 8Batay la gaye nan tout peyi a. Jou sa a, te gen plis moun ki mouri nan rakbwa a pase nan batay la menm. 9Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè. 10Yonn nan moun David yo wè sa, li al bay Joab nouvèl la. Li di li: -Mwen wè Absalon pandye nan yon pyebwa. 11Joab di nonm lan: -Ou wè l'? Poukisa ou pa touye l' la menm? M' ta fè ou kado dis pyès an ajan ak yon sentiwon. 12Men nonm lan reponn Joab: -Ou ta mèt ban mwen mil (01000) pyès an ajan la nan pla men m', mwen pa t'ap leve men m' sou pitit gason wa a. Nou tout nou te tande lòd wa a te ba ou ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: Tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an. 13Si m' te pran pòz mwen pa t' tande anyen, epi m' te touye l', wa a t'ap toujou konn sa. Paske li toujou konn tou sa k'ap pase. Lè sa a, ou pa ta janm pran defans mwen. 14Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a. 15Apre sa, dis jenn sòlda ki t'ap pote zam Joab yo tonbe sou Absalon, yo fin touye l'. 16Lèfini, Joab fè kònen twonpèt la pou yo sispann batay la. Se konsa sòlda David yo kite rès sòlda Izrayèl yo al fè wout yo. 17Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo. 18Depi anvan l' te mouri, Absalon te fè bati yon bèl kavo pou li nan fon Wa a, paske li t'ap di li pa t' gen pitit gason pou leve non li. Jouk jòdi a yo rele kavo a moniman Absalon an. 19Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo. 20Joab reponn li: -Non. Jòdi a pa gen bon nouvèl pou ou pote. Yon lòt jou va gen bon nouvèl pou ou pote. Men jòdi a, ou p'ap pote ankenn nouvèl bay wa a, paske se pitit gason wa a menm ki mouri. 21Joab rele yon sòlda, moun peyi Letiopi, li di l': -Ou menm, al rakonte wa a tou sa ou te wè ak je ou. Sòlda a bese tèt devan Joab. Lèfini, li kouri, li ale. 22Akimaz menm t'ap kenbe se pou l' ale, li di: -Nenpòt sa ki rive m', kite m' ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letiopi a. Joab mande l': -Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa. 23Akimaz reponn: -Sa pa fè anyen. Mwen vle ale. Lè sa a, Joab di l': -Ale non! Se konsa Akimaz kouri ale, li pran wout ki pase nan plenn Jouden an, li pran devan moun peyi Letiopi a. 24David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini. 25Li rele pou avèti wa a. Wa a di l': -Si li pou kont li, se bon nouvèl l'ap pote. Mesaje a t'ap pwoche toujou 26lè faksyonnè a wè yon lòt moun ki t'ap kouri vini tou. Li pale ak nonm ki t'ap fè pòs bò pòtay la, li di l' konsa: -Men yon lòt moun k'ap vini pou kont li tou. Wa a reponn: -Sa a tou, se bon nouvèl l'ap pote. 27Faksyonnè a pran ankò: -Sou jan l'ap kouri a, gen lè premye a se Akimaz, pitit gason Zadòk la. Wa a di: -Se yon bon gason. Ou mèt sèten se bon nouvèl l'ap pote. 28Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di: -Monwa, lwanj pou Seyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou! 29David mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Akimaz reponn li: -Monwa, lè Joab, moun pa wa a, te voye m' lan, mwen wè te gen yon gwo kouri. Men, m' pa konnen sa ki te genyen. 30Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann. 31Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo. 32Wa a mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Nonm peyi Letiopi a reponn, li di l': -Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa yo ansanm ak tout lòt moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal. 33Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l' kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: -Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!

2 Samyèl 19

1Yo voye di Joab jan wa a t'ap kriye, jan li te pran lapenn pou Absalon ki mouri a. 2Jou sa a, sòlda David yo pa t' fè fèt pou genyen yo genyen batay la. Yo tout te kagou, paske yo te pran nouvèl jan wa a te nan gwo lapenn pou lanmò pitit li a. 3Yo antre nan lavil la san fè ankenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè. 4Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: -Woy! Gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! 5Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo. 6Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri. 7Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a. 8Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l'. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo. 9Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon. 10Nou te fè /seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou koulye a pou nou fè wa David tounen ankò? 11Antan wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesaj bay Zadòk ak Abyata, li di yo: -Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li. 12Di yo se fanmi m' yo ye, menm ras avè m'. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m' tounen nan palè a? 13n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen! 14Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l': -Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo. 15Wa a leve, li pran wout pou l' tounen. Li rive bò larivyè Jouden an. Tout moun peyi Jida yo, bò pa yo, kite lavil Gilgal, y' al kontre wa a. Yo ede l' janbe larivyè a. 16Se konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo. 17Te gen mil (01000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an. 18Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a. 19Li di l' konsa: -Monwa, tanpri! Pa kenbe m' nan kè! Bliye sa m' te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m' nan kè! 20Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm. 21Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: -Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon. 22Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre. 23Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou! 24Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pa t' koupe bab li, ni li pa t' lave pye l', ni li pa t' lave rad sou li. 25Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou li al resevwa wa a, wa a di l': -Mefibochèt, poukisa ou pa t' pati ansanm avè m'? 26Mefibochèt reponn li: -Monwa, se domestik mwen an ki woule m'. Ou konnen m' enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l' te sele fenmèl bourik mwen an pou m' te ka ale ansanm avèk monwa. 27Domestik la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m'. 28Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò. 29Wa reponn li: -Ou pa bezwen di anyen ankò! Mwen pran desizyon m' deja. W'a antann ou ak Ziba pou nou pataje tè Sayil yo. 30Mefibochèt di wa a: -Ziba te mèt pran tout pou li. Sa ki pi enpòtan pou mwen, se wè pou m' wè wa a tounen san danje san malè nan palè li. 31Bazilayi, moun lavil Gilgal, te desann soti lavil Wogelim rive larivyè Jouden ansanm ak wa a. Li janbe lòt bò larivyè a ansanm ak wa a. Lè li fin janbe, li di wa a orevwa pou l' te tounen lakay li. 32Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim. 33Wa a di l' konsa: -Ann ale ansanm avè m' lavil Jerizalèm non. M'a pran swen ou. 34Men Bazilayi reponn li: -Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m' viv. M' pa wè poukisa pou m' ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm. 35Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa. 36Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m' te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an. 37Tanpri, kite m' tounen lakay mwen. Konsa, m'a mouri toupre tonm fanmi mwen. Men Chimkam, pitit mwen, ki va sèvi ou. Ou mèt pran l' avè ou, monwa. W'a fè sa ou wè ki pi bon pou li. 38Wa a reponn li: -Bon. M'ap pran l' avè m'. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m', m'a fè l' pou ou. 39Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa. 40Tout moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desanm lavil Gilga. Chimkam te ale avè l'. 41Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo? 42Moun Jida yo reponn: -Nou fè l' paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l', ni li pa janm fè nou kado anyen. 43Lamenm, moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo: -Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an. Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain