Jou 97 sou 365

2 Samyèl 20–22

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Samyèl 20

1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! 2Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm. 3Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo. 4Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'. 5Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l' te tounen an. 6Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou. 7Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba. 8Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l'. Joab vanse devan l'. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atè. 9Joab di Amasa: -Ban m' nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l' nan bab ak men dwat li pou l' bo li. 10Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba. 11Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab! 12Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l' nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li. 13Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a. 14Cheba bò pa l' menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l', yo swiv li nan lavil la. 15Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l' tonbe. 16Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l'. 17Joab vin rive. Fanm lan mande l': -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l': -Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: -M'ap koute ou, wi. 18Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo. 19Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a? 20Joab reponn li: -Sa ou kwè a se pa sa! Se pa t' nan lide m' ni pou m' te kraze, ni pou m' te detwi lavil nou an. 21Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou. 22li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a. 23Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a. 24Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a. 25Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt. 26Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.

2 Samyèl 21

1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo. 2Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo. 3Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a? 4Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou. 5Yo reponn li: -Sayil te soti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l' te touye nou nèt pou l' pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la. 6Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo. 7David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye. 8Men, li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a. 9Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la. 10Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo. 11Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a. 12David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.) 13David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou. 14Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a. 15Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke. 16Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li. 17Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou. 18Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo. 19Pandan yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon. 20vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. 21Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'. 22Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.

2 Samyèl 22

1Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a. 2Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. 3Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo. 4Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! 5Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. 6Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. 7Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. 8Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè. 9Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li. 10Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li. 11Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale. 12Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou. 13Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an. 14Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. 15Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè. 16Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè. 17Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. 18Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'. 19Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'. 20Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'. 21Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan. 22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye. 23Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. 24Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. 25Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon. 27Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. 28Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo. 29Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a. 30Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. 31Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. 32Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? 33Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch. 34Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe. 35Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen. 36Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. 37Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. 38Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt. 39Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo. 40Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon. 41Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo. 42Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo. 43Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari. 44Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'. 45Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'. 46Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. 47Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa! 48Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. 49Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo. 50Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou. 51Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain