Jou 95 sou 365

2 Samyèl 14–16

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Samyèl 14

1Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil. 2Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan. 3Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li. 4Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen! 5Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri. 6Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la. 7Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a. 8Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou. 9Fanm lavil Tekoa a di wa a konsa: -Monwa, nenpòt kisa w'a deside fè, si pou gen repwòch, y'a repwoche mwen menm ansanm ak fanmi pa m'. Men, ou menm ak gouvènman ou, nou pa reskonsab anyen. 10Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò. 11Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan! 12Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non. 13Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou. 14Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'. 15Monwa, rezon ki fè mwen te vin pale avè ou la, se paske moun yo t'ap fè m' pè. Mwen di nan kè m' mwen pral pale ak wa a. Wa a ka fè sa m'ap mande l' la. 16Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a. 17Mwen di ankò pawòl monwa va ban m' kouraj paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Seyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou! 18Wa a di l' konsa: -Mwen pral mande ou kichòy, pa kache m' anyen. Fanm lan reponn: -Monwa, mande m' sa ou vle? 19Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di. 20Men, si li fè l' se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa ki ap pase nan peyi a. 21Pita, wa a di Joab konsa: -Mwen pral fè sa ou vle m' fè a. Ale chache jennonm yo rele Absalon an, mennen l' tounen isit la. 22Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la. 23Joab leve, li ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm. 24Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l' parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a. 25Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo. 26Li te gen anpil cheve. Li te blije koupe yo chak lanne paske, lè yo te lonje yo te vin twò lou pou li. Lè yo peze cheve yo, yo ka rive peze senk liv dapre sistèm pèz yo sèvi kay wa a. 27Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil. 28Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a. 29Apre sa, li voye chache Joab pou mande l' al kote wa a pou li. Men, Joab pa vini. Yon lòt fwa ankò, Absalon voye chache l'. Fwa sa a tou Joab refize vini. 30Lè sa a, Absalon di domestik li yo: -Gade! Nou wè jaden Joab ki toupre jaden pa m' lan. Li plante lòj. Enben, al met dife ladan l'. Y' ale, yo mete dife nan jaden Joab la. 31Joab al lakay Absalon, li mande l': -Poukisa moun pa ou yo mete dife nan jaden m' lan? 32Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'! 33Se konsa Joab al bò kote wa David, li rapòte l' sa Absalon te di l' la. Wa a voye chache Absalon. Absalon vini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa resevwa l', li bo l'.

2 Samyèl 15

1Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. 2Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye, 3Absalon di l' konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou. 4Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m' chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l' jistis. 5Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l', Absalon lonje men l', li kenbe l' epi li bo l'. 6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'. 7Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a. 8Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon. 9Wa a di l': -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon. 10Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo kònen, n'a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon. 11Te gen desan (0200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a. 12Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis. 13Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'. 14Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la. 15Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'. 16Wa a pran tout fanmi l', li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a. 17Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l' yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. 18Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (0600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou. 19Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. 20Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou! 21Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri. 22Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. 23Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a. 24Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou. 25Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a. 26Men, si li pa kontan avè m' anko, enben, lè sa a, l'a fè sa li vle avè m'. 27Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a. 28Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen. 29Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la. 30David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. 31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou! 32Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l', rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè. 33David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'. 34Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'. 35Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a. 36Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a. 37Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.

2 Samyèl 16

1David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven. 2Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a. 3Wa a mande l': -Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la? Ziba reponn: -Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l' la. 4Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'. 5Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon. 6Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l' yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a. 7Chimeyi t'ap bay David madichon, li t'ap di l': -Ale ou vouzan! Ale ou vouzan! Vakabon! Ansasen! 8Ou te pran plas wa Sayil la! Jòdi a Seyè a ap pini ou pou tout moun nan fanmi Sayil ou te sasinen yo. Seyè a renmèt gouvènman an nan men Absalon, pitit gason ou lan. Se konsa pou ou te fini, se ansasen ou ye! 9Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li! 10Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa? 11Apre sa, David pale ak Abichayi ansanm ak tout moun pa l' yo, li di yo: -Gade! Pwòp pitit gason mwen, san mwen, deyò pou l' touye m'. Ale wè pou moun sa a ki soti nan ras Benjamen yo! Kite l' ban m' madichon, si se Seyè a ki di l' ban m' madichon. 12Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a. 13Se konsa, David ale chemen l' avèk tout moun li yo. Chimeyi menm t'ap mache dèyè yo sou flan mòn lan, li t'ap ba yo madichon, li t'ap voye wòch ak pousyè tè sou yo. 14Wa a ansanm ak tout pèp la te bouke jouk yo pa t' kapab ankò lè yo rive bò larivyè Jouden. Se la yo rete pran souf. 15Absalon antre lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo. Achitofèl te ansanm ak yo. 16Lè Ouchayi, bon zanmi David la, kontre ak Absolon, li di: -Viv wa a! Viv wa a! 17Absalon di l' konsa: -Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pa t' ale ansanm avè l'? 18Ouchayi reponn li: -Ki jan pou m' ta fè sa? Se pou moun Seyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l' pou m' rete. 19Lèfini, ki moun pou m' ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou. 20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a. 21Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje. 22Se konsa, yo moute yon tant pou Absalon sou teras sou do palè a. Epi la, devan tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche ak fanm kay papa l' yo. 23Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain