Jou 77 sou 365
Jij 14–16
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jij 14
1Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li wè yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen. 2Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen. 3Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen. 4Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo. 5Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li. 6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a. 7Lèfini, l' ale, li pale ak ti fi a, li renmen l'. 8Kèk tan apre sa, li tounen vin marye avè l'. Sou wout li, li fè yon ti detou pou l' al wè kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myèl avèk siwo myèl anndan kadav la. 9Li pran ti moso gato myèl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fè rès vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'. 10Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye. 11Lè moun Filisti yo wè l', yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avè l'. 12Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal. 13Men, si nou pa jwenn li anvan lè sa a, se nou ki pral ban mwen trant varèz ak trant rechanj. Yo di l': -Dakò! Ban nou kont la. Fè nou tande l'. 14Li di yo: -Manje soti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous soti nan sa ki gen anpil fòs. Twa jou pase, yo pa t' ankò jwenn kont la. 15Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la? 16Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'? 17Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di. 18Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dòmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myèl? Kisa ki gen plis fòs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an! 19Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'. 20Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l' lan, yo ba li madan Samson pou madanm li.
Jij 15
1Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre. 2Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a. 3Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen. 4L' ale, li pran twasan (0300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo. 5Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo. 6Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la. 7Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a. 8Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam. 9Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki. 10Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a. 11Lè sa a, twamil (03000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan. 12Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm! 13Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avè l' soti nan twou wòch la. 14Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife. 15Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (01000) moun avè l'. 16Lèfini, li pran chante, li di: -Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun. Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat. 17Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè. 18Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen! 19Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a. 20Samson gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou rèy moun Filisti yo.
Jij 16
1Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la. 2Moun lavil Gaza yo vin konnen Samson te la nan lavil la. Yo mache chache l' toupatou, yo pase nwit la ap veye l' bò pòtay lavil la. Yo pa fè bri menm tout nwit la. Yo t'ap di nan kè yo: -N'ap tann solèy leve, lè sa a n'a touye l'. 3Samson rete kouche jouk nan mitan lannwit lan. Lè sa a, li leve, li pran de batan pòtay lavil la, li rache yo ansanm ak tout montan yo ak bwa travès ki te pase dèyè batan yo. Li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas lavil Ebwon an. 4Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila. 5Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan. 6Se konsa, Dalila al di Samson: -Tanpri, di m' sa ki ba ou tout fòs sa a. Manyè di m' kouman yo ta ka mare ou pou kraze kouraj ou. 7Samson reponn li: -Si yo mare m' avèk sèt kòd tou nèf ki poko fin cheche m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 8Chèf moun Filisti yo pote sèt kòd tou nèf ki pa t' ankò fin cheche bay Dalila. Dalila mare Samson avèk kòd yo. 9Li te fè kèk moun kache nan yon lòt chanm, epi li rete konsa, li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson kase kòd yo. Moso kòd yo tonbe atè ou ta di fil boule nan dife. Konsa yo pa t' rive konnen sa ki te ba l' tout fòs sa a. 10Dalila di Samson: -Gade jan ou pase m' nan betiz! On ban m' manti! Tanpri, di m' non! Ki jan yo ka mare ou! 11Samson di l' konsa: -Si yo mare m' ak kòd tou nèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 12Dalila pran kèk kòd tou nèf, li mare Samson avèk yo, epi li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Li te mete moun yo kache nan lòt chanm lan. Men, Samson kase kòd ki te mare bra l' yo tankou si se te fil yo te ye. 13Dalila di Samson: -W'ap pase m' nan betiz toujou. W'ap ban m' manti. Tanpri, moutre m' kijan yo ka mare ou. Samson di l': -Si ou pran sèt très cheve m' yo ou trese yo ansanm epi ou kenbè yo ak yon gwo peny, m'ap pedi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 14Dalila fè l' dòmi. Li trese sèt très cheve l' yo ansanm, li sere yo byen sere avèk yon gwo peny, epi li rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson leve, li rache peny lan, li detrese cheve l' yo. 15Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a. 16Chak jou li rete la nan kò Samson, l'ap plenyen nan tèt li. Samson pa t' kapab ankò, rete pou l' te mouri. 17Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 18Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo. 19Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li. 20Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò. 21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an. 22Men, cheve l' te konmanse pouse ankò. 23Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou. 24Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: -Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou. 25Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto. 26Samson di ti bway ki te kenbe men l' lan: -Mennen m' bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m' sou yo pou m' ka fè yon ti apiye. 27Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil (03.000) moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li. 28Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: -O Bondye Seyè! Tanpri, chonje m' non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m' fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m' ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m' yo pete a. 29Epi Samson mete men l' sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l' sou chak. 30Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li. 31Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (020 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
