Jou 76 sou 365

Jij 11–13

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jij 11

1Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sòlda. Papa l' te rele Galarad. Manman l' te yon jennès. 2Madan Galarad te fè lòt pitit gason pou mari l'. Men, lè pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, yo di l' konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennès. 3Jefte kouri met deyò pou frè l' yo, l' al rete nan peyi Tòb. Yon bann vòryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn soti avè l' al devalize moun. 4Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la. 5Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen. 6Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo. 7Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m'? Nou fòse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn? 8Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la. 9Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi! 10Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a. 11Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chèf pou l' gouvènen yo, pou l' kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa. 12Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou? 13Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont. 14Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo, 15avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo. 16Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès. 17Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès. 18Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la. 19Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a. 20Men, Siyon pa t' fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la. 21Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan. 22Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche. 23Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a. 24Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou? 25Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou. 26Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo? 27Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m' lè nou vin fè m' lagè. Se Seyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon! 28Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a. 29Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an. 30Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m', 31m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou. 32Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'. 33Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la. 34Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason. 35Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'. 36Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m' sa ou te di w'ap fè m' lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo. 37Apre sa li di papa l' konsa: -Yon sèl bagay m'ap mande ou! Ban m' yon ti delè de mwa pou m' al pwonmennen ansanm ak zanmi m' yo nan mòn yo pou m' al kriye, paske mwen pral mouri san m' pa marye. 38Jefte kite l' ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l' yo ale nan mòn, y' al kriye paske li tapral mouri tifi. 39Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fè sa l' te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la, 40pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.

Jij 12

1Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou. 2Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo. 3Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont? 4Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a! 5Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, 6lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (042.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan. 7Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad. 8Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la. 9Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan. 10Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm. 11Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan. 12Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon. 13Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 14Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan. 15Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.

Jij 13

1Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan. 2Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit. 3Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason. 4Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. 5Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo. 6Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li. 7Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri. 8Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la. 9Bondye fè sa Manoak te mande l' la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t' avè l'. 10Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m' lòt jou a parèt devan m' ankò. 11Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen. 12-Manoak di l': -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fè ak sa pou l' pa fè? 13Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l' fè a. 14Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l' fè a. 15Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. 16Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t' ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l'. 17Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre. 18Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy. 19Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. 20Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè. 21Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyè a ki te parèt devan yo a. 22Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye! 23Madanm lan di l': -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo. 24Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l'. 25Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain