Jou 78 sou 365
Jij 17–19
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jij 17
1Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo. 2Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (01.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa! 3Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò. 4Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika. 5Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt. 6Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito. 7Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo. 8Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l' al chache yon lòt kote pou l' fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo. 9Mika mande l': -Kote ou soti? Nèg la reponn: -Mwen se moun fanmi Levi, m' soti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m' fè ladesant. 10Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje. 11Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'. 12Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l' sèvi l' prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika. 13Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.
Jij 18
1Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo a. 2Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la. 3Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l': -Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la? 4Li reponn yo: -Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m', epi m'ap sèvi l' prèt. 5Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an. 6Prèt la di yo: -Nou pa bezwen pè. Seyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la. 7Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. 8Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè. 9Yo reponn: -Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou. 10Lè n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen. 11Se konsa sisan (0600) gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen. 12Yo moute, yo rete toupre lavil Kiriyat-Jearim, nan peyi Jida sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele kote sa a Kan moun Dann yo. 13Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a. 14Lè sa a, senk mesye yo te voye al vizite peyi ki nan vwazinaj lavil layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: -Eske nou konnen, nan yonn nan kay sa yo gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a? 15Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l' nouvèl li. 16Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an. 17Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo. 18Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika a ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa kouvri ak ajan an, li di yo: -Sa n'ap fè la a? 19Yo reponn li: -Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la? 20Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati an bwa a, ak lòt zidòl wogatwa yo, epi l' ale ansanm ak yo. 21Mesye yo reprann chemen yo, y' al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo. 22Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinaj kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapouswiv moun Dann yo. 23Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: -Sa ki genyen? Pouki tout moun sa yo dèyè nou an? 24Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a? 25Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou. 26Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l', li tounen tounen l', l' al lakay li. 27Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la. 28Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'. 29Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis. 30Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje. 31Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.
Jij 19
1Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li. 2Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la. 3Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou. 4Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la. 5Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati. 6Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non! 7Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò. 8Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje. 9Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou. 10Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm. 11Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la. 12Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya. 13Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama. 14Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo. 15Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo. 16Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye. 17Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti? 18Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo. 19Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen. 20Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la. 21Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bèt yo zèb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwè. 22Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'. 23Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. 24Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan. 25Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'. 26Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve. 27Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la. 28Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li. 29Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la. 30Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
