Jou 66 sou 365
Jozye 8–10
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jozye 8
1Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou. 2Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè. 3Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (030.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit. 4Men lòd li ba yo: -Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake. 5Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m' yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo soti vin fè fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l' anvan an. 6Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a. 7Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a soti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Seyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou. 8Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l' jan Seyè a te mande l' la. Men lòd mwen ban nou. 9Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an. 10Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo. 11Sòlda ki te avè l' yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a. 12Jozye pran senkmil (05.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. 13Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an. 14Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè. 15Jozye ak moun pa l' yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a. 16Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè. 17Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li. 18Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la. 19Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kò yo soti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'. 20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo. 21Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo. 22Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan, 23esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye. 24Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'. 25Jou sa a, yo touye douzmil (012000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a. 26Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a. 27Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la. 28Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a. 29Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a. 30Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal. 31Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon. 32Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l' sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la. 33Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon. 34Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a. 35Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.
Jozye 9
1Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo. 2Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la. 3Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo, 4yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati. 5Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo. 6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non! 7Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou? 8Moun Evi yo di Jozye: -Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou soti? 9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, 10ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt. 11Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou. 12Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, koulye a, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt. 13Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil. 14Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa. 15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen. 16Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la. 17Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim. 18Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa. 19Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo: -Depi nou fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gen dwa manyen yo. 20Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou. 21Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a. 22Jozye fè chache moun Gabawon yo, li mande yo: -Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun. 23Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an. 24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. 25Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la. 26Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo. 27Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.
Jozye 10
1Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, te vin konnen Jozye te pran lavil Ayi a, li te detwi l' nèt tankou yon ofrann pou Seyè a, li te touye wa a menm jan li te fè l' pou lavil Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo te al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo. 2Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda. 3Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon. 4Li voye di yo. -Vin jwenn mwen. Vin ede m' atake lavil Gabawon, paske moun sa yo al rann tèt yo bay Jozye ak pèp Izrayèl la. 5Se konsa senk wa moun Amori yo: wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la, wa lavil Eglon an, mete tèt ansanm, yo fè yon sèl lame ak tout sòlda yo. Yo sènen lavil Gabawon, yo atake l'. 6Moun lavil Gabawon yo voye mesaje nan kan Gilgal la di Jozye konsa: -Mèt, tanpri, pa lage nou! Prese vin jwenn nou pou ede nou, pou delivre nou. Paske tout wa moun Amori ki rete nan mòn yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè nou pou yo fini ak nou. 7Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati. 8Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou. 9Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pa t' atann. 10Seyè a fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la. 11Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo. 12Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon! 13Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche. 14Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la. 15Apre sa, Jozye ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal. 16Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a. 17Y' al di Jozye yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt Makeda a. 18Jozye reponn: -Woule wòch bouche bouch gwòt la. Mete moun veye yo. 19Men, nou menm, souke kò nou. Kouri dèyè lènmi yo. Atake yo pa dèyè. Pa kite yo gen tan rive nan lavil yo! Seyè a, Bondye nou an, lage yo nan men nou. 20Jozye ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo. 21Lè sa a, tout lame Jozye a tounen vin jwenn li nan kan Makeda a san pwoblèm, san danje. Pesonn pa t' penmèt yo di anyen sou moun pèp Izrayèl yo. 22Lè sa a, Jozye di: -Degaje bouch gwòt la. Mennen senk wa yo deyò vin jwenn mwen. 23Yo degaje bouch gwòt la, yo mennen senk wa yo deyò vin jwenn li. Se te wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la ak wa lavil Eglon an. 24Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo. 25Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou! 26Apre sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè. 27Lè solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a. 28Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a. 29Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna. 30Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a. 31Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Libna, y' al atake Lakis. Yo sènen lavil la nèt. 32Seyè a lage lavil Lakis nan men moun pèp Izrayèl yo. Sou dezyèm jou a, yo pran lavil la. Li fè yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la, menm jan yo te fè l' nan lavil Libna a, san li pa kite yonn chape. 33Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape. 34Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite lavil Lakis, y' al atake lavil Eglon. Yo sènen l' nèt. 35Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l'. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l' nan lavil Lakis la. 36Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon. 37Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l' lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. 38Apre sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y' al atake l'. 39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou. 40Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a. 41Jozye bat yo depi Kadès-Banea sou bò sid rivyè Gaza, bò rivaj la, nan tout zòn Gochenn lan jouk Gabawon sou bò nò. 42Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la. 43Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
