Jou 67 sou 365
Jozye 11–13
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jozye 11
1Nouvèl tout bagay sa yo rive nan zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf, 2bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche. 3Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa. 4Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè. 5Wa yo pran randevou, yo mete tout sòlda yo ansanm. Yo rive, yo moute kan yo yonn sou kote lòt, toupre dlo Mewòm yo, pou yo atake pèp Izrayèl la. 6Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo. 7Se konsa, Jozye rive bò dlo Mewòm lan ak tout sòlda li yo, li tonbe sou lènmi yo san yo pa t' atann, li atake yo. 8Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape. 9Jozye fè yo tou sa Seyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo. 10Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo. 11Li fè touye dènye moun ak dènye bèt vivan ki te la tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a. Yo pa kite yonn ladan yo chape. Lèfini, yo mete dife nan lavil la. 12Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la. 13Men, moun Izrayèl yo pa t' boule ankenn lavil nan lavil ki te bati sou ti mòn yo, an wetan lavil Azò Jozye te fè boule. 14Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape. 15Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen. 16Jozye ak pèp Izrayèl la te pran tout peyi a nan men moun yo, ki vle di: mòn yo, tout Negèv la, tout peyi Gochenn lan, plenn yo, Fon Jouden an, tout mòn ak tout ti bit peyi Izrayèl yo, 17depi Mòn Alak ki toupre peyi Seyi a, jouk Baal-Gad ki nan fon Liban an nan pye mòn Emon an. Li mete men sou tout wa yo, li bat yo, li touye yo. 18Jozye te pase yon bon tan ap fè lagè ak wa sa yo. 19An wetan lavil Gabawon kote moun Evi yo te rete a, pa t' gen ankenn lavil ki te vle fè lapè ak moun pèp Izrayèl yo, 20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 21Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a. 22Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd. 23Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.
Jozye 12
1Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon. 2Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la. 3Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a. 4Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi. 5Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon. 6Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a. 7Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo. 8Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete. 9Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl, 10wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon, 11wa lavil Jamout, wa lavil Lakis, 12wa lavil Eglon, wa lavil Gezè, 13wa lavil Debi, wa lavil Gedè, 14wa lavil Oma, wa lavil Arad, 15wa lavil Libna, wa lavil Adoulam, 16wa lavil Makeda, wa lavil Betèl, 17wa lavil Tapwach, wa lavil Efè, 18wa lavil Afèk, wa lavil Sawon, 19wa lavil Madòn, wa lavil Azò, 20wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf, 21wa lavil Tanak, wa lavil Megido, 22wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la, 23wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile, 24wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.
Jozye 13
1Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran. 2Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo, 3ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou, 4sou bò sid la, tout peyi moun Kanaran yo, depi lavil Meara ki pou moun Sidon yo jouk Afeka, sou fwontyè peyi Amori a. 5Te rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a. 6Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la. 7Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo. 8Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li. 9Peyi yo a te soti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon. 10Li pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout rèy li, li rive jouk sou fwontyè moun Amon yo. 11Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka. 12Nan peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo. 13Men, pèp Izrayèl la pa t' mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou. 14Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la. 15Moyiz te separe tè branch fanmi Woubenn lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 16Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a, 17lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal Meyon, 18Jaza, Kedemòt, Mefrat, 19Kiryatayim, Libna ak Zerèt acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an, 20Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt ajechimòt, 21tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l' ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. 22Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a. 23Pòsyon tè moun branch fanmi Woubenn yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Woubenn yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. 24Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 25Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba. 26Li te pran depi Esbon jouk Ramat Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fwontyè peyi Lodeba. 27Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve. 28Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. 29Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 30Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an, 31mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo. 32Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Moab yo. 33Men, Moyiz pa t' bay moun branch fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
