Jou 65 sou 365

Jozye 5–7

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jozye 5

1Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la. 2Lè sa a, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Pran wòch dife, kase yo fè zenglen pou sikonsi gason pèp Izrayèl ki fèt nan dezè a. 3Se konsa, Jozye fè yon bann zenglen wòch byen file, li sikonsi tout gason pèp Izrayèl la yon kote yo rele Bit po ti kòk. 4Li te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a. 5Tout gason ki te vivan lè yo te soti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, ankenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pa t' ankò sikonsi. 6Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 7Men, li ba yo pitit pou ranplase yo. Se pitit sa yo Jozye te sikonsi paske yo pa t' sikonsi yo lè yo t'ap vwayaje nan dezè a. 8Lè li fin sikonsi tout gason yo, tout pèp la rete la kote yo te moute tant yo a, jouk yo te geri. 9Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a. 10Antan pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a. 11Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven. 12Apre sa, laman lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn laman pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekolte nan peyi Kanaran an. 13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi? 14Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? 15Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.

Jozye 6

1Yo te fèmen tout pòtay lavil Jeriko yo, yo te barikade yo poutèt moun pèp Izrayèl yo. Deyò pa antre, anndan pa soti. 2Seyè a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo. 3Ou menm ak tout sòlda pa ou yo, nou pral mache fè wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou. 4Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo. 5Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la. 6Se konsa, Jozye, pitit gason Noun lan, rele prèt yo, li di yo: -Leve Bwat Kontra a, mete l' sou zepòl nou. Sèt prèt va mache devan l' avèk kòn belye yo nan men yo. 7Apre sa, li di pèp la: -Leve mache! Nou pral fè wonn lavil la. Pòsyon lame ki pou mache devan an va pran devan Bwat Kontra a. 8Pèp la fè jan Jozye te ba yo lòd fè a. Sèt prèt yo pran devan Bwat Kontra Seyè a, yo t'ap kònen kòn yo. 9Pòsyon lame ki pou mache devan an pran devan prèt ki t'ap kònen yo. Pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a. Pandan yo t'ap mache konsa, yo t'ap kònen kòn belye yo. 10Men, Jozye te bay pèp la lòd pou yo pa t' pouse ankenn rèl jan yo te konn fè l' la lè y'ap goumen. Se pou yo tout rete bouch fèmen, san di yon mo, jouk lè l'a ba yo lòd pouse rèl goumen an. 11Prèt yo pati ak Bwat Kontra Seyè a, yo fè wonn lavil yon fwa. Apre sa, yo tounen nan kan an epi yo pase nwit lan la. 12Nan denmen maten, Jozye leve, epi prèt yo pran Bwat Kontra Seyè a ankò. 13Sèt prèt yo avèk sèt kòn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kònen. Pòsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a: yo t'ap kònen tout tan yo t'ap mache a. 14Dezyèm jou a, yo mache fè wonn lavil la ankò yon sèl fwa. Epi yo tounen nan kan yo. Yo fè sa konsa pandan sis jou. 15Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa. 16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou! 17Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo. 18Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. 19Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a. 20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'. 21Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik. 22Jozye rele de mesye li te voye an kachèt al vizite lavil Jeriko a, li di yo: -Ale lakay jennès la. Fè l' soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomèt li a. 23Se konsa y' ale, yo fè Rarab soti ansanm ak papa l', manman l', frè l' yo, tout rès fanmi l' yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo. 24Yo mete dife nan lavil la, yo boule l' nèt ak tou sa ki ladan l', an wetan bagay ki te fèt an lò, an ajan, an fè ak an kwiv yo. Yo pran yo, yo pote yo nan depo richès Seyè a. 25Men, Jozye te sove Rarab, jennès la, ak tout fanmi l' yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk koulye a nan mitan pèp Izrayèl la. 26Lè sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pèdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pòtay li yo, l'ap pèdi dènye pitit gason l' la. 27Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.

Jozye 7

1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la. 2Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi. 3Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: -Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la. 4Lè sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak. 5Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan men wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pè. Yo pèdi kouraj. 6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. 7Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an! 8Tanpri, Mèt mwen! Kisa m' ka di koulye a lè m' wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l' yo? 9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou? 10Seyè a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? 11Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. 12Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou. 13Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou. 14Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. 15Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la. 16Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyè a te denonse. 17Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Seyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyè a te denonse. 18Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a. 19Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen. 20Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè. 21Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt. 22Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. 23Yo pran yo, yo soti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Seyè a. 24Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. 25Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch. 26Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Seyè a te sispann move sou pèp la.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain