Jou 59 sou 365
Deteronòm 23–25
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Deteronòm 23
1Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a. 2Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon. 3Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon. 4Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon. 5Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou. 6Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi. 7Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete. 8Lè moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gen dwa vin nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye. 9Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. 10Si yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a soti kite kan an, l'a rete deyò pou tout jounen an. 11Nan aswè, l'a lave kò l'. Apre solèy kouche, l'a ka antre nan kan an ankò. 12N'a chwazi yon kote andeyò limit kan an kote n'a ka ale fè bezwen nou. 13N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l' ak tè. 14Seyè a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Seyè a pa wè anyen ladan l' ki pou ba l' kè tounen epi ki pou ta fè l' vire do ban nou. 15Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li. 16N'a kite l' viv avèk nou nan mitan pèp la, nan nenpòt ki lavil l'a chwazi, kote l'a pi pito. Pa janm pwofite sou li. 17Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 18Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa. 19Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay. 20Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou. 21Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou. 22Si nou pa fè Seyè a ankenn pwomès, nanpwen peche nan sa. 23Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'. 24Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gen dwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale. 25Si nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gen dwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.
Deteronòm 24
1Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'. 2Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason, 3sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l', epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l' tounen lakay papa l' ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri, 4lè sa a, premye mari a p'ap ka marye avè l' ankò. Se pou li konsidere fanm lan tankou yon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Paske si li marye avè l' apre sa, l'ap fè yon bagay Seyè a pa vle wè. Piga nou rale madichon sou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou an. 5Si yon nonm fèk marye, li pa fèt pou l' al nan lagè, ni yo pa bezwen mande l' fè ankenn travay nan sèvis piblik pandan ennan. Konsa, pandan tan sa a, l'a lib pou l' rete lakay li pou l' fè kè madanm li kontan. 6Lè n'ap prete yon moun lajan, nou pa gen dwa pran de wòl moulen li yo, pa menm yon sèl ladan yo, pou garanti. Si nou fè sa, se tankou si se te lavi moun lan menm nou te pran pou garanti. 7Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 8Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa. 9Pa janm bliye sa Seyè a, Bondye nou an, te fè Miryam, lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. 10Lè n'ap prete yon moun yon lajan sou garanti, nou pa gen dwa antre lakay li pou n' al pran sa l'ap ban nou pou garanti a. 11N'a rete deyò, n'a tann li pote garanti a ban nou deyò a. 12Si se yon nonm ki pòv, pa kite rad li ban nou pou garanti a pase nwit lakay nou. 13Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an. 14Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo. 15Peye l' lajan l' chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l' viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Seyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò. 16Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè. 17Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'. 18Chonje nou menm tou nou te esklav nan peyi Lejip. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv regleman sa a. 19Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. 20Lè n'ap keyi grenn oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. 21Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. 22Se pou nou toujou chonje yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa mwen mande non pou nou swiv lòd mwen ban nou la a.
Deteronòm 25
1Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò. 2Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l' kouche plat atè, epi, l'a devan je l', l'a fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l' fè a. 3Nou pa janm gen dwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l' twòp. Lè sa a, n'a avili l' devan tout moun. 4Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou. 5Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madan defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l' al jwenn vèv la pou l' marye ak li. 6Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la. 7Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la. 8Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l'. Si li derefize marye avèk bèlsè a, 9bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l', epi l'a di: -Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit. 10Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la. 11Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l' sove mari l' anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l', li kenbe lòt lan nan pati li, 12se pou nou san pitye pou li: koupe men l' la pou la. 13Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, 14ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. 15N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. 16Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis. 17Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap soti nan peyi Lejip. 18Yo pa t' gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo. 19Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
