Jou 60 sou 365
Deteronòm 26–27
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Deteronòm 26
1Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l', 2chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an. 3Li aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi l'a di l': -Mwen deklare jòdi a, devan Seyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo. 4Prèt la va pran panyen an nan men li, l'a depoze l' devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an. 5Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'. 6Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav. 7Lè sa a, nou rele Seyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou. 8Seyè a fè nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil. 9Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. 10Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'. 11Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou. 12Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo. 13Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'. 14Mwen pa t' manje ladan yo lè mwen te nan lapenn, ni lè mwen pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou ou. Ni mwen pa t' wete anyen ladan l' pou m' fè ofrann bay mò. Seyè, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fè tou sa ou te ban m' lòd fè sou keksyon sa a. 15Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou. 17Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou. 18Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè. 19L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.
Deteronòm 27
1Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a. 2Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kèk gwo wòch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho. 3Apre sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo, 4lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, n'a kanpe wòch sa yo sou tèt mòn Ebal, jan mwen di nou li jòdi a. N'a blanchi yo ak lacho. 5N'a pran wòch, n'a moute yon lòtèl la tou pou Seyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n' fè lòtèl la ak sizo. 6Se pou n' pran wòch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lòtèl Seyè a, Bondye nou an. Se la n'a touye bèt nou ofri pou yo boule nèt pou Seyè a. 7Se la n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an. 8N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo. 9Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Seyè a, Bondye nou an, nou ye. 10Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a. 11Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a: 12-Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la. 13Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon. 14Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande: 15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 16-Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 17-Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 18-Madichon Bondye pou moun ki fè yon avèg pèdi chemen l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 19-Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 20-Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 21-Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 22-Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avèk sè li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 23-Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 24-Madichon Bondye pou moun ki touye yon lòt moun Izrayèl parèy li an kachèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 25-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! 26-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
