Jou 58 sou 365

Deteronòm 20–22

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Deteronòm 20

1Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou. 2Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, l'a pale ak sòlda yo. 3L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo. 4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la. 5Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye. 6Eske gen yon moun la a ki fèk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l' lan. 7Eske gen yon moun isit la ki fiyanse pou l' marye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fiyanse l' la. 8Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou. 9Lè chèf yo va fin pale konsa ak sòlda yo, y'a chwazi yon kaptenn pou chak divizyon pou mache alatèt lame a. 10Lè n'ap pwoche bò yon lavil pou n' atake l', premye bagay n'a fè, n'a mande l' pou l' fè lapè ak nou. 11Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou. 12Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l'. 13Seyè a, Bondye nou an, va lage l' nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la. 14Men, n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Seyè a menm ki ban nou yo. 15Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a. 16Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'. 17Se pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la. 18Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo. 19Si lè n'ap atake yon lavil nou wè nou blije sènen l' pandan lontan anvan pou nou ka pran l', piga nou koupe ankenn pyebwa ki bay fwi, paske nou ka bezwen fwi yo pou nou manje. Pa koupe pyebwa yo. Se pyebwa ase yo ye, se pa moun yo ye. Ou pa ka aji avèk yo tankou moun ki nan lavil ou sènen an. 20Men, nou gen dwa debranche pyebwa ki pa bay fwi, nou ka koupe yo, nou ka sèvi ak yo pou fè zouti pou atake lavil la jouk lavil la va tonbe nan men nou.

Deteronòm 21

1Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa, 2chèf fanmi yo ak jij yo va soti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo. 3Y'a wè lavil ki pi pre a. Le sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va pran yon jenn ti gazèl bèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay. 4Y'a mennen l' bò yon larivyè ki pa janm chèch, nan yon pozisyon kote tè a pa janm travay ni sekle. Epi se la y'a kase kou l'. 5Apre sa, prèt yo, pitit Levi yo, va vini, paske se yo menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou fè sèvis pou li ak pou beni pèp la nan non li. Se yo menm ki pou bay dènye mo a lè gen diskisyon, lè gen san deyò. 6Apre sa, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va lave men yo ak dlo anwo gazèl yo te touye a. 7Y'a di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wè ki moun ki fè krim sa a. 8Seyè! Ou menm ki te delivre moun Izrayèl yo anba moun peyi Lejip yo, padonnen pèp ou a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon inonsan yo touye. Bondye va padonnen krim ki fèt la. 9Se konsa, n'a fè sa Seyè a te ban nou lòd fè a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmò inonsan yo touye a. 10Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo epi Seyè a, Bondye nou an, fè nou genyen yo, li fè nou fè anpil prizonye, 11si yonn nan nou wè pami prizonye yo yon bèl fanm, epi li tonbe damou pou li, l'a gen dwa pran l' pou madanm li. 12L'a mennen l' lakay li. Fanm lan va koupe tout cheve nan tèt li, l'a koupe tout zong dwèt ak tout zong pye l' yo, 13l'a wete rad ki te sou li lè yo te fè l' prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l' ak manman l'. Apre sa, nonm lan va pwoche bò kote l', l'a marye avè l', l'a pran l' pou madanm li. 14Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li. 15Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye. 16Lè lè a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan. 17Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen. 18Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy soti nan lòt la, 19manman l' ak papa l' va kenbe l', y'a trennen l' devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a. 20Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis. 21Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo. 22Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fè, epi lè yo fin touye l', yo pann kadav la nan yon pyebwa, 23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.

Deteronòm 22

1Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l' mennen l' tounen ba li. 2Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n'a pran l', n'a mennen l' lakay nou. N'a kenbe l' lakay nou jouk mèt li va vin chache l'. Lè sa a n'a renmèt li li. 3N'a fè menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpòt bagay yon moun pèp Izrayèl parèy nou ta rive pèdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fè tankou nou pa wè sa. 4Lè nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l' fè l' kanpe ankò. 5Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa. 6Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la. 7N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan. 8Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou. 9Pa janm plante ankenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p'ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo. 10Piga nou mete bèf ak bourik ansanm pou rale chari. 11Piga nou janm mete sou nou rad ki fèt ak divès kalite lenn ak twal fin blan tise ansanm. 12N'a mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou. 13Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò. 14Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi. 15Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li. 16Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò, 17li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la. 18Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat. 19Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri. 20Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi, 21y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 22Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 23Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou. 24Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 25Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avè l', se nèg la sèlman ki pou mouri. 26Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l'. 27Nèg la te kontre avè l' andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou. 28Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo, 29nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri. 30Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain