Jou 57 sou 365

Deteronòm 16–19

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Deteronòm 16

1Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la. 2Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la. 3Lè n'ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l'. Pandan sèt jou, n'a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap soti kite peyi Lejip la. 4Pandan sèt jou sa yo, pesonn nan peyi nou an pa gen dwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten. 5Nou p'ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete. 6Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip. 7N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l' kote Seyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou. 8Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay. 9N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo. 10Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li. 11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a. 12N'a toujou chonje nou menm tou yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa n'a toujou obeyi tout lwa sa yo. 13Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou. 14N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a. 15Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale. 16Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid. 17Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo. 18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri. 19Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan. 20Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l' la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou. 21Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an. 22Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.

Deteronòm 17

1Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm. 2Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a, 3pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la, 4epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a, 5lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri. 6Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò. 7Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la. 8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a, 9n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an. 10Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an. 11Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an. 12Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la. 13Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò. 14Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, 15se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou. 16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò. 17Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'. 18Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo. 19Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'. 20Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.

Deteronòm 18

1Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a. 2Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa. 3Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la. 4N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo. 5Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l' prèt pou tout tan. 6Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a, 7lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a, 8l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'. 9Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè. 10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji. 11Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo. 12Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. 13Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè. 14Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa. 15Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. 16Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri. 17Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi. 18M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. 19Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont. 20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a. 21Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye? 22Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.

Deteronòm 19

1Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l' ban nou peyi ki te pou yo a, lè n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo, 2n'a chwazi twa lavil nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa. 3N'a kenbe wout ki mennen nan lavil sa yo an bon eta. N'a divize teritwa Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a an twa zòn ak yon lavil nan chak zòn. Konsa, nenpòt moun ki ta rive touye yon lòt ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l'. 4Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l': Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'. 5Konsa, si de moun al nan bwa ansanm pou koupe bwa epi yonn ladan yo fè sa li leve rach li pou l' koupe yon bwa epi rach la chape soti nan manch lan, l' al frape zanmi l' lan, li touye l' frèt, yon nonm konsa gen dwa kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou l' ka sove lavi l'. 6Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a. 7Se poutèt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa. 8Konsa tou, lè Seyè a, Bondye nou an, va fè peyi nou an vin pi gran jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè l'a ban nou tout peyi li te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo, 9n'a chwazi twa lòt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m'ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Seyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an. 10Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a. 11Men, si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l' jouk li tonbe sou li, li ba l' kou jouk li touye l', epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo, 12lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l' epi y'a lage l' nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l'. 13N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou. 14Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a. 15Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe. 16Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè, 17de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a. 18Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè, 19n'a fè l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou. 20Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou. 21Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain