Jou 56 sou 365
Deteronòm 12–15
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Deteronòm 12
1Men lòd ak kòmandman pou nou swiv pandan tout tan nou gen pou nou viv nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou pou nou rete a. 2Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo. 3Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò. 4Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo. 5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. 6Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo. 7Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt. 8Lè sa a, nou p'ap gen dwa fè sa n'ap fè koulye a kote chak moun ap fè sa yo pi pito, 9paske nou poko antre nan peyi Seyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze. 10Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze. 11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a. 12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a. 13Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo. 14Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a. 15Men, nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Seyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 16Men, piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo. 17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a. 18Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an. 19Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo. 20Lè Seyè a, Bondye nou an, va mete sou tè nou deja genyen an jan li te pwomèt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mèt manje vyann lè nou vle, kantite nou vle. 21Lè kote Seyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bèf, kabrit ak mouton Seyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle. 22Tout moun, kit yo nan kondisyon kit yo pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, tout moun va gen dwa manje nan vyann sa a, tankou yo gen dwa manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23Tansèlman, piga nou janm manje san an, paske san an se nanm bèt la li ye. Piga nou janm manje vyann lan ansanm ak nanm lan ladan l'. 24Piga nou janm manje san an. N'a vide l' atè tankou dlo. 25Si nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fè sa ki fè Seyè a plezi. 26Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Seyè a, n'a pote yo kote Seyè a te chwazi a. 27Se la n'a ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a sou lòtèl Seyè a. Se la n'a vide san lòt bèt n'ap ofri sou lòtèl Seyè a, epi se la n'a manje vyann lan tou. 28Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an. 29Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin disparèt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lè n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l', 30atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo. 31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo! 32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
Deteronòm 13
1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, 2si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! 3nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li. 5Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen, 7yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, 8pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. 9Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'. 10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 11Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la. 12Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo, 13gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen, 14se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre, 15se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'. 16N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò. 17Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo. 18Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.
Deteronòm 14
1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou. 2Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li. 3Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje. 4Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit, 5se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon. 6Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou. 7Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje. 8Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo. 9Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo. 10Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. 11Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gen dwa manje. 12Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè, 13milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav, 14tout kalite kaou, 15otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan, 16koukou, frize, gwo kanna mawon blan, 17grangozye, plonjon, chwèt, 18sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho. 19Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo. 20Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye. 21Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'. 22Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa. 23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a. 24Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an, 25lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. 26Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou. 27Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo. 28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo. 29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Deteronòm 15
1Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo. 2Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò. 3N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li. 4Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. 5Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 6Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. 7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. 8Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen. 9Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. 10Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. 11Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an. 12Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li. 13Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen. 14Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon. 15Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a. 16Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l', 17lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou. 18Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè. 19Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a. 20Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a. 21Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an. 22N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
