Jou 50 sou 365
Resansman 30–32
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Resansman 30
1Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay. 2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a. 3Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 4lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a. 5Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li. 6Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye, 7epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. 8Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 9Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li. 10Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 11epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye. 12Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 13Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. 14Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò. 15Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a. 16Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.
Resansman 31
1Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa: 2-Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja. 3Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a. 4N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n' voye al goumen. 5Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil (012.000) gason antou ki te pare pou al goumen. 6Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo. 7Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo. 8Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou. 9Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo. 10Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete. 11Apre sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo, 12yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 13Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo soti nan kan an al kontre lame a. 14Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a. 15Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo? 16Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la. 17Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. 18Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou. 19Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye. 20N'a fè sèvis pou mete tout rad ak tout bagay ki fèt ak po bèt, bagay ki fèt ak pwal kabrit, bagay ki fèt an bwa, nan kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi ak yo. 21Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen soti nan lagè yo. Li di yo konsa: -Men yon regleman nou jwenn nan lòd Seyè a te bay Moyiz. 22Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon, 23tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. 24Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an. 25Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 26-Ou menm, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl yo, n'a konte tou sa lame a te ranmase nan lagè a, san bliye bèt yo ak prizonye yo. 27Apre sa, n'a separe tout bagay mwatye pou mwatye, mwatye pou moun ki te al goumen yo, mwatye pou rès moun pèp Izrayèl yo. 28Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan (0500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a. 29Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Seyè a. 30Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a. 31Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 32San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil (0675.000) mouton ak kabrit, 33swasanndouzmil (072.000) bèf, 34swasanteyenmil (061.000) bourik, 35tranndemil (032.000) jenn fi ki poko janm kouche ak gason. 36Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Seyè a ladan l'. Sa te fè twasantrannsètmil senksan (0337.500) mouton ak kabrit, 37ak sisanswasannkenz (0675) ladan yo pou Seyè a, 38trannsimil (036.000) bèf ak swasanndouz ladan yo pou Seyè a, 39trantmil senksan (030.500) bourik ak swasanteyen ladan yo pou Seyè a, 40sèzmil (016.000) jenn fi ak trannde ladan yo pou Seyè a. 41Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 42Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo, 43men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan (0337.500) mouton ak kabrit, 44trannsimil (036.000) bèf, 45trantmil senksan (030.500) bourik ak 46sèzmil (016.000) jenn fi. 47Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 48Lè sa a, tout moun ki te chèf lame a, chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo, yo tout vin jwenn Moyiz. 49Epi yo di l': -Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la. 50Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras. 51Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo. 52Sa te fè katsan (0400) liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Seyè a. 53Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo. 54Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.
Resansman 32
1Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj, 2yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: 3-Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon, 4tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt. 5Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an. 6Moyiz reponn yo: -Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen? 7Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Seyè a ba yo a? 8Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea. 9Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a. 10Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa: 11Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen, 12an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank. 13Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri. 14Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la. 15Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt. 16Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo. 17Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen. 18Nou p'ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a. 19Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou. 20Moyiz di yo konsa: -Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n' al goumen devan Seyè a, 21si tout gason ki ka goumen pami nou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an devan Seyè a, jouk Seyè a va fin kraze tout lènmi l' yo devan li, 22enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a. 23Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an. 24Nou mèt bati lavil ak ranpa pou moun pa nou yo. Nou mèt moute lantouraj pou mete bèt nou yo nan pak. Men, se pou nou fè sa nou pwomèt n'ap fè a. 25Moun fanmi Woubenn yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: -Mèt, n'ap fè tou sa ou mande nou fè. 26Pitit nou yo va rete nan lavil ki nan peyi Galarad yo ansanm ak madanm nou yo ak tout bèf, tout mouton ak tout kabrit nou yo, 27Men, nou menm gason ki pare pou n' al goumen yo, n'ap pase devan Seyè a pou n' al fè lagè jan ou di l' la. 28Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo. 29Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo. 30Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen avèk nou, y'a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou. 31Mesye branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l' konsa: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye. 32N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n' al goumen devan Seyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou. 33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la. 34Moun fanmi Gad yo rebati tout lavil sa yo: Dibon, Atawòt, Awoyè, 35Atawo, Sofam, Jaze ak Jobeya, 36Bèt-Nimra, Bèt aran. Yo rebati yo avèk ranpa pou pwoteje yo, yo fè pak tou pou mouton ak kabrit. 37Moun fanmi Woubenn yo menm rebati lavil sa yo: Esbon, Elealè, Kiryatayim, 38Nebo, Baal Meyon ak Sibma. Yo te chanje non lavil Nebo ak Baal Meyon. Yo bay tout lavil yo rebati yo lòt non. 39Moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, pati pou peyi Galarad kote moun Amori yo te rete a. Yo anvayi tout peyi a, yo mete moun Amori yo deyò. 40Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete. 41Moun fanmi Jayi, pitit gason Manase a, al atake yon seri ti bouk. Yo anvayi yo epi yo rele yo Bouk Jayi. 42Noba menm al atake lavil Kenat ak lòt ti bouk ki sou lòd li yo. l' anvayi l', epi li ba li non l'. Li rele l' Noba.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
