Jou 51 sou 365
Resansman 33–36
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Resansman 33
1Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo. 2Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo. 3Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen. 4Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo 5Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo. 6Apre sa, yo kite Soukòt, y' al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a. 7Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl. 8Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo. 9Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la. 10Yo kite Elim, y' al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la. 11Yo kite Lanmè Wouj, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan. 12Yo kite dezè Zin lan, y' al moute kan yo Dofka. 13Yo kite Dofka, y' al moute kan yo Alouch. 14Yo kite Alouch, y' al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t' jwenn dlo pou yo bwè a. 15Yo kite Refidim, y' al moute kan yo nan dezè Sinayi a. 16Yo kite dezè Sinayi a, y' al moute kan yo Simityè Grangou. 17Yo kite Simityè Grangou, y' al moute kan yo Azewòt. 18Yo kite Azewòt, y' al moute kan yo Ritma. 19Yo kite Ritma, y' al moute kan yo Rimonn Perèz. 20Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna. 21Yo kite Libna, y' al moute kan yo Risa. 22Yo kite Risa, y' al moute kan yo Keyelata. 23Yo kite Keyelata, y' al moute kan yo sou mòn Chefè a. 24Yo kite mòn Chefè a, y' al moute kan yo Arada. 25Yo kite Arada, y' al moute kan yo Makelòt. 26Yo kite Makelòt, y' al moute kan yo Tayat. 27Yo kite Tayat, y' al moute kan yo Tara. 28Yo kite Tara, y' al moute kan yo Mitka. 29Yo kite Mitka, y' al moute kan yo Asmona. 30Yo kite Asmona, y' al moute kan yo Mosewòt. 31Yo kite Mosewòt, y' al moute kan yo Benè-Jakan. 32Yo kite Benè-Jakan, y' al moute kan yo Ogidgad. 33Yo kite Ogidgad, y' al moute kan yo Jotbata. 34Yo kite Jotbata, y' al moute kan yo Abwona. 35Yo kite Abwona, y' al moute kan yo Ezyongebè. 36Yo kite Ezyongebè, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès. 37Yo kite Kadès, y' al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an. 38Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip. 39Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li. 40Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive. 41Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y' al moute kan yo Zalmona. 42Yo kite Zalmona, y' al moute kan yo Pounon. 43Yo kite Pounon, y' al moute kan yo Obòt. 44Yo kite Obòt, y' al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la. 45Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y' al moute kan yo Dibon Gad. 46Yo kite Dibon Gad, y' al moute kan yo Almon-Diblatayim. 47Yo kite Almon-Diblatayim, y' al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve. 48Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 49Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim. 50Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 51-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an, 52se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo. 53N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou. 54N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo. 55Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a. 56Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.
Resansman 34
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a. 3Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a. 4L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon, 5l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane. 6Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè. 7Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la. 8Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad. 9N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a. 10Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam. 11L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve. 12Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò. 13Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la. 14Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa. 15Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. 16Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 17-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, 18avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi. 19Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a. 20Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la. 21Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan. 22Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a. 23Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a, 24ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan. 25Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la. 26Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an. 27Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a. 28Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la. 29Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.
Resansman 35
1Antan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj. 3Se nan lavil sa yo moun Levi yo va rete. Savann sa yo va rete pou yo, y'a sèvi pou zannimo yo ak pou tout lòt bèt y'a genyen. 4Savann yo va toutotou lavil yo. Y'a mezire mil senksan (01.500) pye depi ranpa lavil la nan chak direksyon. 5Konsa, savann yo va fè yon gwo teren kare kare ki va mezire twamil (03.000) pye sou chak bò: twamil pye sou bò lès, twamil pye sou bò lwès, twamil pye sou bò nò, twamil pye sou bò sid ak lavil la nan mitan l'. Y'a sèvi kote pou bèt moun Levi ki rete nan lavil la jwenn manje. 6Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò. 7Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo. 8Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens. 9Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an, 11se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon. 12Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun. 13Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon, 14twa lòt bò larivyè Jouden an sou bò solèy leve, twa bò isit nan peyi Kanaran an. 15Sis lavil sa yo va sèvi ni pou moun peyi a ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou osinon ki depasaj. Se la tout moun ki touye yon lòt san fè espre va kouri chache pwoteksyon. 16Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 17Si yon moun bay yon lòt yon kout wòch epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 18Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 19Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'. 20Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l', osinon si li voye yon bagay dèyè l' pou touye l', 21oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'. 22Men, sipoze yon moun bay yon lòt yon move bourad san li pa fè espre, san li pa rayi l', osinon li voye yon bagay konsa konsa, epi l' al pran yon moun move kote san li pa t'ap voye l' dèyè l', 23oswa ankò, sipoze li voye yon wòch epi li pa wè sa, wòch la al tonbe sou yon moun, li touye l' frèt, san li pa t' rayi moun lan ni li pa t'ap chache fè moun lan mal, 24nan ka sa yo, men regleman pou moun pèp Izrayèl yo swiv pou yo regle bagay la ant moun ki te touye lòt la ak fanmi pi pre moun mouri a ki reskonsab pou tire revanj la. 25Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri. 26Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a, 27si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l', epi li touye l', yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l' fè a. 28Paske moun ki touye yon lòt san li pa fè espre a fèt pou rete nan lavil kote li te kache a jouk granprèt ki la lè sa a va mouri. Se apre lanmò granprèt la ase l'a ka tounen lakay li. 29Regleman sa yo va sèvi tankou yon lwa pou nou pou tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 30Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun. 31Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri. 32Ni nou pa gen dwa asepte lajan pou penmèt yon moun ki kite lavil kote l' te kache a pou l' al lakay li anvan granprèt ki la lè sa a mouri. 33Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a. 34Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.
Resansman 36
1Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, 2yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo. 3Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fè pati yon lòt branch nan fanmi pèp Izrayèl la, pòsyon ki pou yo a pral soti sou tè zansèt pa nou yo. Konsa, pòsyon tè ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pòsyon tè ki te vin pou nou an lè yo te tire osò a pral vin pi piti. 4Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo. 5Se konsa, dapre lòd Seyè a te ba li, Moyiz bay moun pèp Izrayèl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozèf yo gen rezon. 6Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo. 7Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 8Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an. 9Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 10Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 11Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bò papa. 12Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an. 13Men tout lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
