Jou 49 sou 365
Resansman 27–29
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Resansman 27
1Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf. 2Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di: 3-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason. 4Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou. 5Moyiz al pale koze a avèk Seyè a. 6Seyè a di l' konsa; 7-Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. 8Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo. 9Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo. 10Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo. 11Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la. 12Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo. 13Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la. 14paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.) 15Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa: 16-O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la, 17yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo. 18Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li, 19epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li. 20W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'. 21L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo. 22Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la. 23Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.
Resansman 28
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo. 3W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen. 4N'a ofri premye ti mouton an nan maten, n'a ofri lòt la nan aswè. 5Ansanm avèk chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn. 6(Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.) 7Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a. 8Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 9Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason. 10Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo. 11Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite. 12N'a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n'a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n'a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje. 13Pou chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 14N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a. 15Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la. 16Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. 17Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 18Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. 19N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 20N'a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an, 21ak sèt ti mamit pou chak ti mouton. 22N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la. 23N'a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a. 24Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la. 25Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis. 26Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. 27Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 28N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an 29ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 30N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la. 31N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.
Resansman 29
1Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive. 2Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, men ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: yon jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 3N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin frans pou towo a, katòz ti mamit pou belye mouton an, 4ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 5N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la. 6N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l' la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Seyè a. Se va ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant yo. 7Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay. 8N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 9N'a fè ofrann grenn jaden ki pou mache ak chak bèt sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin pou towo bèf la, katòz ti mamit pou belye mouton an 10ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 11N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a. 12Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou. 13Premye jou a, n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 14Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye, 15ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak. 16N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l' yo. 17Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 18Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 19Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Seyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 20Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 21Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 22Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 23Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 24Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 25Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 26Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 27Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 28Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 29Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 30Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 31Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 32Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 33Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 34Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 35Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay. 36N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 37Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an, 38Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo. 39Men tou sa nou va ofri bay Seyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l', mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi. 40Se konsa Moyiz te di pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
