Jou 46 sou 365
Resansman 19–21
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Resansman 19
1Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2-Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay. 3W'a renmèt Eleaza, prèt la, li. L'a fè l' soti andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fè yo touye l' devan je li. 4Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a. 5Lèfini, y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la. 6Prèt la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a. 7Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 8Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 9Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal. 10Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. 11Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye. 12L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 13Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a. 14Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. 15Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye. 16Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou. 17Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li. 18Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri. 19Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye. 20Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 21Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a. 22Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.
Resansman 20
1Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'. 2Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo. 3Pèp la fè kont ak Moyiz, yo di l' konsa: -Pa pito nou te mouri devan lotèl Seyè a ansanm ak lòt frè nou yo! 4Poukisa ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Seyè a, ansanm ak tou bèt nou yo? 5Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye rezen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè! 6Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y' ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo. 7Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 8-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo. 9Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Seyè a te ba li lòd la. 10Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou? 11Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou. 12Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a. 13Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Seyè a. Se la Seyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo. 14Moyiz rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l' konsa: -Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase. 15Ou konnen ki jan zansèt nou yo te desann al rete nan peyi Lejip pandan lontan, ki jan moun peyi sa a tonbe maltrete nou menm jan yo te maltrete zansèt nou yo. 16Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la. 17Tanpri, n'ap mande ou yon ti pèmisyon pou nou pase ase nan mitan peyi ou la. Nou p'ap kite wout nou pou n' pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata dlo nan pi ou yo nou p'ap bwè. Nou p'ap kite gran chemen w'a moutre nou an, nou p'ap vire ni adwat ni agoch, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi a. 18Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou. 19Men, moun pèp Izrayèl yo voye di l' ankò: -Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay! 20Men, wa Edon an voye di yo ankò: -Non! Nou p'ap pase menm! Epi li soti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo. 21Se konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout. 22Tout moun pèp Izrayèl yo kite Kadès, yo rive sou Mòn Or la, 23ki te toupre fwontyè peyi Edon an. Antan yo la, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo: 24-Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a. 25Pran Arawon ak Eleaza, pitit gason l' lan, moute sou mòn Or la ak yo. 26W'a wete rad espesyal ki sou Arawon yo, w'a mete yo sou Eleaza, pitit gason l' lan. Se la sou mòn lan Arawon pral mouri. 27Moyiz fè tou sa Seyè a te mande l' fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la. 28Lèfini, Moyiz wete rad espesyal ki te sou Arawon yo, li mete yo sou Eleaza, pitit gason Arawon an. Se la sou tèt mòn lan Arawon mouri. Apre sa, Moyiz ak Eleaza desann desann yo sou mòn lan. 29Tout pèp la vin konnen Arawon te mouri. Se konsa tout moun nan pèp Izrayèl la pase trant jou ap kriye pou Arawon.
Resansman 21
1Wa lavil Arad la, nan rejyon Negèv la, te yon moun peyi Kanaran. Lè li vin tande moun pèp Izrayèl yo t'ap vini sou chemen ki mennen Atarim lan, l' al atake yo. Li fè kèk ladan yo prizonye. 2Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt. 3Seyè a tande sa yo te mande l' la, epi li ede yo, li fè yo mete men sou moun Kanaran yo. Moun pèp Izrayèl yo disparèt tout moun yo ansanm ak tout lavil yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Oma. 4Moun Izrayèl yo pati, yo kite mòn Or la, yo pran wout ki mennen bò Lanmè Wouj la, pou yo pa pase nan peyi Edon an. Men, antan y'ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje. 5Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò. 6Lè sa a, Seyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri. 7Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre. 8Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri. 9Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri. 10Moun pèp Izrayèl yo pati, y' al moute kan yo nan fon Obòt la. 11Apre sa, yo kite fon Obòt, y' al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Moab la. 12Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan ravin Zerèd. 13Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a. 14Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Seyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon 15avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la. 16Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo. 17Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa! 18Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana. 19Lè yo kite Matana, y' ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt. 20Lè yo kite Bannòt, y' ale nan fon ki nan peyi Moab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo. 21Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa: 22-Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la. 23Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo. 24Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade. 25Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout. 26Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò! 28Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an. 29Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a. 30Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba. 31Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a. 32Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo. 33Apre sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp l' a, li vin kontre ak yo pou l' atake yo bò Edreyi. 34Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase. 35Se konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l' yo ak tout pèp l' a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
