Jou 45 sou 365

Resansman 16–18

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Resansman 16

1Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn. 2Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (0250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil. 3Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa? 4Lè Moyiz tande sa, li lage kò l' atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l' yo konsa: 5-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi. 6Men sa pou n' fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife. 7Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l' la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotèl Seyè a. Konsa, moun Seyè a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou l' a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen koulye a! 8Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo! 9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo. 10Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo! 11Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon. 12Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p'ap vini. 13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò! 14Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini. 15Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen. 16Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotèl Seyè a. Arawon va la tou. 17Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l', epi y'a pote recho yo devan Seyè a. Sa va fè desansenkant (0250) recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou. 18Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l', yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon. 19Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la. 20Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo: 21-Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a. 22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la. 23Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 24-Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a. 25Moyiz leve, l' al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l' tou. 26Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a. 27Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 28Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m' fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo. 29Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m'. 30Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa. 31Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram. 32Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo. 33Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la. 34Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou. 35Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (0250) mesye ki t'ap ofri lansan yo. 36Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 37-Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l' ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen. 38Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo. 39Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la 40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza. 41Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa. 42Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè. 43Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a. 44Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 45-Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè. 46Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja. 47Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l' fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. 48Se konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò. 49Te gen katòzmil sètsan moun (014.700) antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo. 50Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

Resansman 17

1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo. 3W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'. 4W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a. 5Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou. 6Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo. 7Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a. 8Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi. 9Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a. 10Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri! 11Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. 12Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini. 13Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!

Resansman 18

1Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a. 2W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a. 3Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri. 4Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pesonn lòt pa gen dwa travay avè ou. 5Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo. 6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a. 7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo. 8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an. 9Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye. 10N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a. 11Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'. 12M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden. 13Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo. 14Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou. 15Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen. 16Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-,pou yo ka achte lavi l' nan men m'. 17Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li. 18Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a. 19M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou. 20Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la. 21Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. 22Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri. 23Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la. 24M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la. 25Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l': 26-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a. 27Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt. 28Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li. 29N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a. 30W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè. 31Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. 32Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain