Jou 47 sou 365

Resansman 22–24

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Resansman 22

1Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan plenn Moab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 2Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, 3li menm ak tout moun pèp Moab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. 4Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab. 5Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an. 6Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt. 7Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la. 8Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram. 9Bondye vin bò kote Balaram, li di l' konsa: -Ki moun sa yo ki lakay ou a? 10Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m': 11Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a. 12Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo. 13Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou. 14Se konsa chèf moun Moab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l' konsa: -Balaram refize vini avèk nou! 15Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo. 16Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'. 17Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m' fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen. 18Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an. 19Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò. 20Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè. 21Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo. 22Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'. 23Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la. 24Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò. 25Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò. 26Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch. 27Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan. 28Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa: 29Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen. Ou mouri lontan! 30Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non! 31Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè. 32Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a. 33Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen. 34Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen. 35Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo. 36Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an. 37Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la? 38Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di. 39Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt. 40Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l' yo. 41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.

Resansman 23

1Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton. 2Balak fè sa Balaram te di l' fè a. Lèfini, Balaram ak Balak touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl. 3Apre sa, Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete ap boule la a. Mwen menm, mwen pral wè si Seyè a p'ap vin jwenn mwen. Apre sa, m'a fè ou konnen sa l'a fè m' wè a. Epi l' ale sou tèt yon ti mòn ki pa t' gen yon ti pyebwa sou li. 4Epi Bondye vin jwenn li la. Balaram di l' konsa: -Mwen te fè bati sèt lotèl pou ou, epi mwen te touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou ou. 5Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la. 6Se konsa, Balaram tounen bò kote Balak. Li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak lòt chèf moun Moab yo. 7Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo. 8Men ki jan ou ta vle pou m' madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m' kraponnen moun Bondye pa kraponnen? 9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo! 10Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze. 11Balak di Balaram: -Kisa w'ap fè m' konsa? Mwen mennen ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon, epi se beni mwen wè w'ap beni yo! 12Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di. 13Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen. 14Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye. 15Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan. 16Seyè a vin jwenn Balaram, li pale ak Balaram byen pale ankò, epi li di l': -Tounen al jwenn Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la. 17Se konsa Balaram tounen bò kote Balak, li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo. Epi Balak mande l': -Kisa Seyè a di konsa? 18Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò! 19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre! 20Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò. 21Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo. 22Paske, lè Bondye t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la, li te ba yo fòs pou yo te goumen tankou towo mawon. 23Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou! 24Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo. 25Lè sa a, Balak di Balaram konsa: -Menm jan ou pa vle ba yo madichon an, ou pa t' dwe asepte ba yo benediksyon non plis. 26Men, Balaram reponn Balak, li di l': -Mwen te tou pale ou wi. Mwen te di ou: Tou sa Seyè a va di m' fè, se sa m'ap fè. 27Balak di Balaram konsa: -Ann al non! Mwen pral mennen ou yon lòt kote. Ou pa janm konnen, antan ou la a, Bondye ka kite ou bay pèp la madichon pou mwen. 28Balak mennen Balaram sou tèt mòn Peyò a. Antan yo la, yo dekouvri tout dezè a nan pye yo. 29Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl pou mwen isit la. Lèfini, fè m' jwenn sèt jenn ti towo bèf ak sèt belye mouton. 30Balak fè tou sa Balaram te di l' fè a, epi li touye yon ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.

Resansman 24

1Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a. 2Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li. 3Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 4pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 5Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo! 6Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo. 7Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon. 8Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo. 9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la! 10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa. 11Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout. 12Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo: 13Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di. 14Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo. 15Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 16moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo. 18Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. 19Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la. 20Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt. 21Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz. 22Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo. 23Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa? 24Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou. 25Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain