Jou 319 sou 365
Travay 10–11
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Travay 10
1Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. 2Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. 3Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy! 4Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. 5Koulye a, voye moun lavil Jope, fè y' al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè). 6Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a. 7Fini zanj Bondye a fin pale, li ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l' ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou. 8Li rakonte yo tou sak te pase. Lèfini, li voye yo Jope. 9Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou li al lapriyè. 10Grangou bare l', li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon: 11Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann soti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè. 12Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwezo ladan li. 13Li tande yon vwa ki di l' konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje. 14Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. 15Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon. 16An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la. 17Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la. 18Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li? 19Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou. 20Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo. 21Pyè desann, li al jwenn mesye yo, epi l' di yo: Se mwen menm n'ap chache a. Kisak mennen nou isit la? 22Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la. 23Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l' tou. 24Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l' ansanm ak kèk bon zanmi l' li te envite lakay li. 25Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li. 26Men, Pyè fè l' leve, li di l' konsa: Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou. 27Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble. 28Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. 29Se poutèt sa, voye ou voye rele m' lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Koulye a, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m' lan. 30Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. 31Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. 32Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye. 33Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou. 34Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. 35Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li. 36Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze. 37Nou konnen sak te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo kòmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a. 38Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li. 39Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l', yo te kloure l' sou kwa a. 40Men sou twa jou, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. 41Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò. 42Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. 43Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. 44Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la. 45Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite. 46Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di: 47Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Koulye a, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou? 48Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.
Travay 11
1Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou. 2Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li. 3Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo? 4Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo: 5Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m' fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen. 6Lè m' gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo. 7Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyè, touye, manje. 8Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen. 9Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', pa di l' pa bon pou yo. 10An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la. 11Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen. 12Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy. 13Kònèy rakonte nou ki jan l' te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè). 14Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou. 15Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a. 16Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a. 17Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye? 18Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou. 19Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman. 20Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a. 21Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye. 22Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch. 23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje. 24Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l' anba pouvwa l' tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Seyè a. 25Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sòl. 26Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen. 27Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch. 28Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.) 29Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. 30Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
