Jou 318 sou 365
Travay 8–9
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Travay 8
1Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li. 3Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. 4Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou. 5Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. 6Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. 7Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. 8Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la. 9Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg. 10Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li. 11Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo. 12Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm. 13Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. 14Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. 15Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, 16paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman. 17Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri. 18Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan. 19Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. 20Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? 21Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. 23Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou. 24Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen. 25Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari. 26Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.) 27Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye. 28Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. 29Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a. 30Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a? 31Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li. 32Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. 33Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt. 34Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun? 35Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a. 36Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm? 37Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. 38Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. 39Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan. 40Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.
Travay 9
1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la. 2Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. 3Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a. 4Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? 5Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. 6Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. 7Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn. 8Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas. 9Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. 10Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè. 11Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a, 12li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l' kapab wè ankò. 13Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. 14Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a. 15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. 16Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen. 17Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. 18Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. 19Apre sa, li manje epi l' vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo. 20Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. 21Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo? 22Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm. 23Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. 24Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. 25Lè sa a, patizan Sòl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lòt bò miray lavil la. 26Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre. 27Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. 28Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a. 29Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. 30Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas. 31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou. 32Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida, 33li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize. 34Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe. 35Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye. 36Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. 37Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la. 38Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou. 39Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo. 40Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita. 41Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. 42Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a. 43Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
