Jou 320 sou 365

Travay 12–13

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Travay 12

1Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. 2Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. 3Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. 4Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. 5Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. 6Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. 7Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe. 8Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. 9Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve. 10Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. 11Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. 12Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. 13Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. 14Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi. 15Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li. 16Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi. 17Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote. 18Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase. 19Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan. 20Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon. 21Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo. 22Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye. 23Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri. 24Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans. 25Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.

Travay 13

1Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. 2Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. 3Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale. 4Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip. 5Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo. 6Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. 7Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a. 8Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè. 9Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an, 10li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? 11Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li. 12Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a. 13Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y' al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm. 14Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. 15Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: Frè m' yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale koulye a. 16Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l', epi li di: Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. 17Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi a. 18Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a. 19Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, 20pou katsansenkant (450) lanne. Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. 21Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. 22Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè. 23Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la. 24Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. 25Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. 26Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. 27Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi. 28Atout yo pa t' jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l' merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. 29Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo. 30Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. 31Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la. 32Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, 33li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. 34Bondye te fè konnen li t'ap fè l' soti vivan nan lanmò pou l' pa t' janm tounen pouriti ankò. Se sa l' te fè konnen, lè l' te di: M'a ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. 35Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. 36Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. 37Men, moun Bondye te leve soti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. 38-(we vèsè pwochen) 39Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo. 40Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: 41Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li. 42Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò. 43Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye. 44Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a. 45Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li. 46Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo. 47Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans. 48Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè. 49Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a. 50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a. 51Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm. 52Nan Antiòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain