Jou 298 sou 365

Lik 9–10

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Lik 9

1Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. 2Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. 3Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. 4Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. 5Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. 6Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou. 7Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo. 8Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. 9Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi. 10Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. 11Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. 12Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè. 13Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a? 14(Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa. 15Disip yo koute l', yo fè tout moun chita. 16Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo. 17Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete. 18Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: Ki moun yo di mwen ye? 19Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. 20Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a. 21Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pesonn sa. 22Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò. 23Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. 24Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li. 25Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li? 26Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou. 27Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a. 28Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè. 29Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan. 30Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, 31ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki soti nan syel la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li tapral mouri lavil Jerizalèm pou l' te ka akonpli misyon li. 32Yon bon dòmi te gen tan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l' yo. 33Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyè di li: Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di. 34Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lè disip yo wè nwaj la ap vin sou yo, yo te pè. 35Lè sa a, yo tande yon vwa ki soti nan nwaj la ki di: Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! 36Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pa t' rakonte pesonn sa yo te wè. 37Nan denmen, yo desann soti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. 38Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. 39Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li. 40Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab. 41Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit. 42Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li. 43Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo: 44Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm. 45Men, disip yo pa t' konprann pawòl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l' keksyon sou sa tou. 46Apre sa, disip yo t'ap diskite yonn ak lòt pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg. 47Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l' bò kote li. 48Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg. 49Jan pran lapawòl, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou. 50Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye. 51Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm. 52Li voye kèk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann. 53Men, moun yo pa t' vle resevwa l', paske li tapral Jerizalèm. 54Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo? 55Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo. 56Apre sa, y' ale nan yon lòt bouk. 57Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: M'ap swiv ou tout kote ou prale. 58Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo, zwezo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m' poze tèt mwen. 59Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. 60Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a. 61Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa. 62Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.

Lik 10

1Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale. 2Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan. 3Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. 4Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an. 5Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. 6Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. 7Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. 8Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. 9Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou. 10Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: 11Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. 12M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm. 13Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye. 14Se poutèt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. 15Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a. 16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse. 17Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo. 18Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. 19Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. 20Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la. 21Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. 22Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. 23Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a. 24Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li. 25Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? 26Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li? 27Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 28Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi. 29Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen? 30Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. 31Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 32Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 33Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. 34Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li. 35Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. 36Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? 37Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou. 38Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li. 39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo. 40Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non. 41Jezi reponn li: Mat, Mat. W'ap trakase tèt ou, w'ap bat kò ou pou yon bann bagay. 42Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain