Jou 297 sou 365
Lik 7–8
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Lik 7
1Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm. 2Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri. 3Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a. 4Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. 5Se li ki te bati sinagòg la pou nou. 6Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. 7Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. 8Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. 9Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. 10Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. 11Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun. 12Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. 13Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande! 14Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. 15Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. 16Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a. 17Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la. 18Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis. 19Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? 20Lè mesye sa yo rive bò kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? 21Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. 22Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la. 23benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche. 24Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi kòmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non. 25Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo. 26Men, manyè di m' kisa nou tal wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. 27Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou. 28M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li. 29Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. 30Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo. 31Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm? 32Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di l' konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye. 33Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li. 34Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye. 35Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon. 36Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje. 37Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè. 38Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo. 39Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. 40Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi. 41Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud. 42Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis? 43Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn. 44Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li. 45Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'. 46Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen. 47Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou. 48Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen. 49Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? 50Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.
Lik 8
1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. 2Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. 3Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen. 4Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble; moun te soti nan divès vil vin bò kot Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a: 5Yon nonm soti pou li ale simen grenn nan jaden li. Pandan l' t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwezo nan syèl vini, yo manje yo. 6Yon pati tonbe nan mitan wòch; grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pa t' jwenn tè fre. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. 9Disip li yo mande l' kisa parabòl sa a vle di. 10Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. 11Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. 12Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. 13Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. 14Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. 15Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen. 16Pesonn pa limen yon lanp pou l' kouvri l' anba yon mamit, osinon pou l' mete l' anba yon kabann. Li mete l' sou yon etajè. Konsa, moun k'ap antre yo kapab wè limyè a. 17Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè. 18Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an. 19Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo. 20Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou. 21Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di. 22Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati. 23Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kòmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. 24Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. 25Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li. 26Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizaviz ak Galile. 27Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. 28Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri. 29Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè. 30Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. 31Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an. 32Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. 33Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an. 34Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. 35Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 36Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. 37Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale. 38Nonm ki te gen move lespri soti sou li a mande l' pou li ale avèk li tou. Men, Jezi voye l' ale, li di li: 39Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la. 40Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l', paske tout moun t'ap tann li. 41Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay. 42Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m', mwen kite l' prèt pou mouri. Pandan Jezi tapral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l' toupatou. 43Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dòktè, san yo yonn pa t' kapab geri li. 44Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. 45Jezi mande: Ki moun ki manyen m' lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. 46Men, Jezi reponn li: Mwen di ou gen yon moun ki manyen m', paske mwen santi yon fòs soti sou mwen. 47Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l', li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l' nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l', ki jan li te geri menm lè a tou. 48Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze. 49Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm soti lakay chèf sinagòg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. 50Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. 51Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. 52Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. 53Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. 54Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve. 55Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje. 56Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pesonn sak te pase.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
