Jou 299 sou 365
Lik 11–12
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Lik 11
1Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l' fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. 2Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan. 3Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. 4Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon. 5Jezi di yo ankò: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit. 6Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li. 7Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pòt la gen tan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo. 8M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li. 9Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou. 10Paske, nenpòt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape. 11Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason? 12Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze? 13Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li. 14Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch. 15Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo. 16Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a. 17Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt. 18Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo. 19Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò. 20Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou. 21Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje. 22Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt. 23Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye. 24Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a. 25Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje. 26Lè sa a, li al chache sèt lòt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. 27Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni! 28Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni. 29Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. 30Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo. 31Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon. 32Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. 33Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lè l' fin limen li. Okontrè, l'ap mete l' sou yon etajè pou tout moun k'ap antre ka wè limyè a. 34Je ou se tankou yon lanp yo ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou an move eta, tout kò ou nan fènwa. 35Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa. 36Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li. 37Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la. 38Farizyen an te sezi lè l' wè Jezi pa t' lave men l' anvan l' manje. 39Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. 40Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou. 41Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye. 42Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou. 43Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik. 44Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen. 45Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi. 46Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou. 47Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye. 48Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo. 49Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. 50Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè; 51wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo. 52Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre. 53Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay. 54Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.
Lik 12
1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a. 2Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale. 3Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l' gwo lajounen; tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l' nan tout kalfou. 4Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. 5M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè. 6Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo. 7Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo. 8M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. 9Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'. 10Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa. 11Lè y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n' chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n' di. 12Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a. 13Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen. 14Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? 15Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. 16Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l' anpil. 17Li t'ap di nan kè li: Kisa pou m' fè? Mwen pa gen plas pou m' sere rekòt mwen yo. 18Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. 19Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. 20Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? 21Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye. 22Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou. 23Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. 24Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre? 25Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay? 26Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? 27Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. 28Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! 29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. 30Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. 32Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a. 33Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. 34Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. 35Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen, 36tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li. 37L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo. 38Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l' jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou. 39Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. 40Nou menm tou, se pou n' toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè! 41Lè sa a Pyè di li: Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li? 42Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. 43Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la. 44Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. 45Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; 46mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. 47Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. 48Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li. 49Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja! 50Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive. 51Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon. 52Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa. 53Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè. 54Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre. 55Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre. 56Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a? 57Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat? 58Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon. 59M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
