Jou 296 sou 365

Lik 5–6

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Lik 5

1Yon jou, Jezi te bò kote letan Jenezarèt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawòl Bondye a. 2Li wè de kannòt bò rivaj la; pechè yo te desann atè, yo t'ap lave senn yo. 3Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l' pou l' vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 4Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche. 5Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. 6Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. 7Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. 8Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon. 9Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran. 10Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche. 11Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi. 12Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen. 13Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li. 14Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri. 15Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li. 16Men, Jezi wete kò l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè. 17Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo. 18Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi. 19Men, akòz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fè l' antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon twou nan kouvèti kay la ki te fèt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. 20Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: Monchè, tout peche ou yo padonnen. 21Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman. 22Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? 23Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. 24Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. 25Menm lè a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fè lwanj Bondye. 26Tout moun te sezi. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Yo te pè anpil tou, yo t'ap di: Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a! 27Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. 28Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi. 29Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo. 30Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal? 31Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. 32Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye. 33Gen kèk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè. 34Jezi reponn yo: Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? 35Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. 36Epi li di yo parabòl sa a: Pesonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la non plis. 37Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, diven ki fenk fèt la va pete veso an po yo. Lè sa a, diven an koule atè, veso an po yo pèdi tou. 38Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou. 39Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.

Lik 6

1Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote yo nan men yo, epi yo t'ap manje grenn yo. 2Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? 3Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l' yo, yon jou yo te grangou? 4Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l' yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. 5Apre sa li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a. 6Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk. 7Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li. 8Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe. 9Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri? 10Apre sa, li pwonmennen je l' sou yo tout, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri. 11Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi. 12Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè. 13Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt. 14Se te Simon (Jezi te ba l' yon ti non Pyè), ak Andre, frè l', Jak ak Jan, Filip ak Batèlmi, 15Matye ak Toma, Jak, pitit Alfè a, ak Simon (patriyòt la), 16Jid, pitit Jak la, avèk Jida Iskariòt, nonm ki te trayi Jezi a. 17Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou. 18Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. 19Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout. 20Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye. 21benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan. 22benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. 23Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo. 24Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a. 25Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite koulye a, paske nou pral grangou pou n' mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri koulye a, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye. 26Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo. 27Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. 29Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou. 30Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li. 31Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l' pou yo tou. 32Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n' tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. 33Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. 34Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. 35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan. 36Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. 37Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. 38Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou. 39Epi li di yo yon lòt parabòl: Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a? 40Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li. 41Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la? 42Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m', kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la. 43Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn. 44Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Yo pa keyi fig frans sou pye rakèt, ni yo pa rekòlte rezen sou tout vye lyann. 45Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li. 46Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè? 47Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye: 48L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati. 49Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain