Jou 24 sou 365
Egzòd 28–30
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Egzòd 28
1W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt. 2W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l' ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li. 3W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt. 4Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt. 5Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen. 6y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li. 7Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm. 8Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. y'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere. 9W'a pran de pyè oniks, w'a grave non branch fanmi douz pitit Izrayèl yo sou yo. 10W'a grave non sis sou yon pyè, ak non sis sou lòt la, dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti a. 11Avèk ladrès òfèv ki konn grave non sou bag, ou ankò ladrès atizan ki konn fè so, w'a grave non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou de pyè yo, epi w'a moute pyè yo chak sou yon moso lò. 12W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo. 13W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo. 14W'a fè de ti chenn ak pi bon kalite lò ki genyen. Chenn yo va trese tankou ti kòdon. W'a tache yo sou moso lò yo. 15W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. 16Plastwon an va mezire nèf pous kare kare, l'a double. 17W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd. 18Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman. 19Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis. 20Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò. 21Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag. 22W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon. 23W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an. 24W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo. 25W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zèpòlèt jile a. 26W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a. 27W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zèpòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a. 28y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. 29Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo. 30W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'. 31W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a. 32Nan mitan rad la, w'a fè yon twou pou l' pase tèt li. W'a mete yon doubli nan ankoli a, tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire. 33Sou tout woulèt anba rad la, w'a pran twal ble, violèt ak wouj, w'a fè bodri an fòm grenad ak ti klòch an lò nan mitan yo. 34Sou tout woulèt rad la va gen yon grenad, yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, jouk yo fè tout tou rad la. 35Se rad sa a Arawon va mete sou li lè li pral fè sèvis. Lè l'ap antre kote yo mete apa pou Bondye a pou l' parèt devan lòtèl Seyè a, ansanm ak lè l'ap soti, y'a tande ti klòch yo ap sonnen. Konsa li p'ap mouri. 36W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a. 37W'a mare l' sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble. 38Arawon va mete l' sou fwon li, konsa Arawon va pran sou tèt li tou sa pèp Izrayèl la va fè ki mal lè y'ap pote ofrann apa yo bay Seyè a. Arawon va toujou pote l' sou fwon li pou ofrann yo ka toujou fè Seyè a plezi. 39W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl. 40W'a fè rad, sentiwon ak bonnèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo. 41Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. 42W'a fè kalson ak twal fen pou yo pou kò yo pa parèt anba rad la. Kalson yo va pran depi nan ren desann wotè jenou yo. 43Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Egzòd 29
1Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo. 2W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t' la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil. 3Mete yo nan yon panyen. Ofri yo ban mwen nan panyen an ansanm ak ti towo a ak de belye mouton yo. 4W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo. 5Apre sa, w'a pran rad yo, w'a biye Arawon. W'a mete chemiz la, rad la, jile a ak plastwon an sou li. W'a mare sentiwon an nan ren li. 6W'a mete mouchwa a nan tèt li. W'a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a. 7Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen. 8W'a fè pitit li yo pwoche, w'a mete chemiz yo sou yo. 9W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye. 10Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 11W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a. 12W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la. 13Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la. 14Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen. 15W'a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 16W'a touye l', w'a pran san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la. 17W'a dekoupe belye a an divès moso. W'a lave tonbe a ansanm ak pye yo. W'a mete yo anwo moso vyann yo ansanm ak tèt la. 18W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 19Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 20W'a touye l', w'a pran ti gout nan san li, w'a mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l' yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W'a pran rès san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la. 21Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt. 22Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k'ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a. 23Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, w'a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat. 24W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. 25Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l' sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l' fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife. 26Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa. 27W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo. 28Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a. 29Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye. 30Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a. 31W'a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w'a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye. 32Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. y'a rete bò pòt devan Tant Randevou a. 33y'a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye. 34Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l' nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye. 35W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen. 36Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye. 37Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou. 38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye. 39W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt. 40Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a. 41W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 42Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l' tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m' pale ak yo. 43Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen. 44M'ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lòtèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. 45M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo. 46y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo soti kite peyi Lejip pou m' te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Seyè a, Bondye yo a.
Egzòd 30
1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan. 2W'a fè l' kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lòtèl la. Se va kòn lòtèl la. 3W'a kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l'. 4W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lòtèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la. 5W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò. 6W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou. 7Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo. 8L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lòtèl Seyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit. 9Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis. 10Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a. 11Seyè a di Moyiz: 12-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an. 13Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a. 14Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a. 15Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo. 16W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo. 17Seyè a di Moyiz konsa: 18-W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'. 19Arawon ak pitit gason l' yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo. 20Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri. 21Wi, se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l' yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit. 22Seyè a di Moyiz ankò: 23-Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl, 24ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv. 25Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye. 26W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a, 27sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lòtèl lansan an, 28sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'. 29Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou. 30Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt. 31W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a, se ak li pou nou sèvi, de pitit an pitit, pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou mwen. 32Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l' pou sa li ye a. 33Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la. 34Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak. 35W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen. 36W'a pran ti gout ladan l', w'a pile l' fè l' fè poud. W'a sèvi avèk ti gout dèvan bwat ki gen ròch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m' kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase. 37Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase. 38Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
