Jou 23 sou 365

Egzòd 24–27

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Egzòd 24

1Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'. 2Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, l'a vin bò kote m'. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo. 3Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. 4Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe. 5Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi. 6Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l' nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l' sou lòtèl la. 7Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'. 8Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l' sou pèp la, li di: -San sa a sèvi pou siyen kontra Seyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo. 9Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. 10Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li. 11Seyè a pa t' fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè. 12Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la. 13Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a. 14Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo: -Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo. 15Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt. 16Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz. 17Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan. 18Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.

Egzòd 25

1Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 2-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan. 3Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv, 4bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit, 5po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya, 6lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, 7pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la. 8y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo. 9W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a. 10y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè. 11W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 13W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò. 14W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la. 15Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo. 16Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la. 17W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè. 18W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a, 19yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'. 20Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. 21W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen. 22Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo. 23W'a fè yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè. 24W'a kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen. W'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. 25W'a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò. 26W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a. 27W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la. 28W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la. 29W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen. 30Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen. 31W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan. 32Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò. 33Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo. 34Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo. 35W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 36Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a. 37y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan. 38N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. 39N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan. 40Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

Egzòd 26

1N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la. 2Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè. 3N'a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò. 4Lè w'a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w'a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W'a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo. 5W'a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W'a fè yo koresponn de pa de. 6W'a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant. 7W'a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a. 8Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè. 9W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lòt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan. 10W'a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la. 11W'a fè senkant ti kwòk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant. 12Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l'. 13Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l'. 14W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a. 15W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a. 16Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè. 17Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt. 18Lè w'ap fè ankadreman yo, w'a fè ven pou bò sid la. 19W'a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita. 20Konsa tou, w'a fè ven ankadreman pou bò nò a 21ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman. 22W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la, 23ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a. 24Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo. 25Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman. 26W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a, 27senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè. 28Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout. 29W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou. 30W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 31W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a. 32W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y'a gen kwòk an lò moute sou yo. y'a chita sou kat sipò an ajan. 33Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a. 34W'a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a. 35W'a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a. 36Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a. 37Pou kenbe rido a, w'a fè senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lò, w'a moute ti kwòk an lò sou yo. y'a chita sou senk sipò an kwiv.

Egzòd 27

1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè. 2W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv. 3Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv. 4Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la. 5W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la. 6W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv. 7W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'. 8Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 9W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a. 10Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan. 11Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan. 12Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò. 13Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè. 14Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 15Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 16Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a. 17Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv. 18Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv. 19Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv. 20W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen. 21Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain