Jou 25 sou 365
Egzòd 31–34
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Egzòd 31
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 2-Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. 3Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè, 4pou l' ka fè bèl desen, pou l' travay yo an lò, an ajan ak an kwiv, 5pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l' moute yo sou nenpòt bagay, pou l' ka fè desen sou bwa, wi pou l' fè tout kalite bon bagay atizan konn fè. 6Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a. 7Men sa mwen te mande ou fè: Tant Randevou a, Bwat Kontra a avèk ròch plat yo, kouvèti ki pou ale sou bwat la ansanm ak tout mèb ki pou ale nan tant lan, 8tab la ak lanp sèt branch an lò a ansanm avèk tout bagay ki pou sèvi avèk yo, lòtèl pou boule lansan an, 9lòtèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki pou sèvi sou lòtèl la, basen lan ak tout pye l' a, 10bèl rad seremoni, rad pou Arawon, prèt la, ak pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan tant lan, 11lwil pou mete moun apa pou Bondye a ak lansan santi bon pou kote ki apa pou Bondye a. Lè y'ap fè bagay sa yo, se pou yo fè l' jan mwen te di ou la. 12Seyè a di Moyiz konsa: 13-W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen. 14Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a. 15N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a, se va yon gwo jou repo, jou n'a mete apa pou Seyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'. 16Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan. 17Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo. 18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Egzòd 32
1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'. 2Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen. 3Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. 4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. 5Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Seyè a. 6Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo. 7Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa. 8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. 9Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. 10Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon. 11Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? 12Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. 13Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan. 14Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò. 15Moyiz pran chemen pou l' tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l'. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè. 16Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo. 17Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an! 18Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt. 19Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan. 20Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a. 21Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a? 22Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal. 23Se yo menm ki di m' fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo, paske yo pa konnen sa ki rive Moyiz, nonm sa a ki te fè yo soti kite Lejip la. 24Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l'. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt. 25Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t' anyen ankò devan lènmi yo. 26Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li. 27Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou. 28Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo. 29Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l' jòdi a. 30Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an. 31Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye. 32Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a. 33Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an. 34Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo. 35Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l', paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.
Egzòd 33
1Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo. 2M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a. 3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la. 4Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo. 5Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo. 6Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo. 7Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a. 8Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan. 9Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz. 10Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. 11Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan. 12Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil. 13Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi! 14Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo. 15Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la. 16Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo. 17Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye. 18Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! 19Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. 20Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa. 21Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a. 22Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. 23Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'.
Egzòd 34
1Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo. 2Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan. 3Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan. 4Moyiz taye de ròch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de ròch plat yo nan men l' jan Seyè a te ba li lòd la. 5Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a. 6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li. 7L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. 8Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye. 9Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou. 10Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè. 11Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou. 12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou. 13Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo. 14Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. 15Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo. 16Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm. 17Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye. 18Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. 19Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou. 20Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid. 21W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt. 22W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la. 23Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. 24Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo. 25Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten. 26N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'. 27Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la. 28Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo. 29Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de ròch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lè li t'ap pale ak Seyè a, figi l' te vin klere byen bèl. 30Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pè pwoche bò kote l'. 31Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo. 32Apre sa, tout rès pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Seyè a sou mòn Sinayi a. 33Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal. 34Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l', li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l' soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo. 35Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
