Jou 206 sou 365
Ezayi 38–40
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezayi 38
1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. 2Ezekyas vire figi li bay panno a fas, li lapriyè Seyè a. 3Li di: -Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'. 4Lè sa a, Seyè a pale ak Ezayi, li di l' konsa: 5-Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò. 6M'ap delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pran defans lavil la. 7Ezayi reponn li: -Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. 8Gade kadran solèy wa Akaz te fè a. Seyè a pral fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak. Epi vre, lonbraj la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase. 9Men kantik Ezekyas, wa a, te chante lè li refè apre maladi li a: 10Mwen t'ap di nan kè m' se mwatye nan lavi m' ase mwen viv. Gade mwen gen tan pral mouri. Mwen rive nan pòt pou m' antre kote mò yo ye a. M'ap mouri anvan lè m'. 11Mwen te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò pou m' te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m' te wè pesonn ankò nan moun k'ap viv sou latè. 12Tankou yon ti kay jaden, yo rache m', yo demoli m' pote m' ale. Yo koupe lavi m' tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m'ap deperi. 13Tout lannwit m'ap rele anba doulè. Tankou yon lyon, Bondye t'ap kraze tout zo nan kò m'. Soti nan maten rive nan aswè, m'ap deperi. 14M'ap plenn tou piti tankou ranmye. M'ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m' bouke tank m'ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non! 15Kijan pou m' pale avè l'? Sa pou m' di l'? Se Seyè a k'ap fè travay li. Malgre tout lapenn sa a ki nan kè m' lan, m'a debat ak lavi a jouk mwen mouri. 16Seyè! nan bon kè ou, ou fè m' jwi lavi. Souf lavi a nan mwen toujou. W'ap geri m', w'ap ban m' lavi. 17Ou wete m' nan kè sere m' te ye a. Se ou menm ki wete m' nan bouch twou a. Ou voye tout peche m' yo jete dèyè do ou. 18Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou. 19Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl! 20Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou. 21Ezayi mande pou yo fè yon kataplas ak fig frans mete sou kote wa a malad la, pou li ka geri. 22Lè sa a, wa Ezekyas mande: -Kisa k'ap fè m' konnen m'a ka al nan tanp lan ankò?
Ezayi 39
1Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado. 2Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. 3Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 4Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. 5Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou: 6Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa. 7Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan. 8Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: -Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
Ezayi 40
1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa! 2Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo. 3Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an! 4Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla! 5Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li. 6Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann. 7Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye! 8Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan! 9Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini! 10Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li. 11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo. 12Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans? 13Ki moun ki ka di Seyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy? 14Ki moun Seyè a te al jwenn pou l' te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre l' jan pou l' mache dwat? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè l' konnen jan tout bagay fèt? 15Gade! Devan Seyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo tankou pousyè van ap pote ale! 16Tout rakbwa peyi Liban yo pa kont pou boule sou lotèl li. Tout bèt ki nan rakbwa peyi Liban yo pa kont ase pou yo fè ofrann bèt pou yo boule pou li yo! 17Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'. 18Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l'? 19Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li. 20Sa ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa. Li chwazi yon bon bwa ki p'ap pouri. Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li, pou fè yon estati ki p'ap tonbe kraze. 21Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè? 22Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete. 23Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen. 24Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay. 25Ki moun nou ka di ki tankou m'? Ki moun ki pou ta sanble avè m'? Se Bondye apa a ki di sa. 26Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs. 27Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Seyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou! 28Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. 29Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l' kouraj ankò! 30Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. 31Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
