Jou 207 sou 365
Ezayi 41–43
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezayi 41
1Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou! Annou plede pou n' wè kilès ki gen rezon! 2Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye. 3L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l' pa menm touche tè. 4Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout. 5Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini. 6Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouraj! 7Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe. 8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an! 9Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete. 10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay. 11Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri. 12Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò! 13Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou! 14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa! 15M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè. 16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo. 18M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fè sous dlo pete nan fon yo. M'ap fè dezè a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo. 19M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd. 20Lè moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann se Seyè a ki fè bagay sa yo ak men l', se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a. 21Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou! 22Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre! 23Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm! 24Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo! 25Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay. 26Anvan sa te rive, kilès nan nou ki te di sa pou n' te ka konnen? Ki moun ki te di davans sa tapral rive konsa, pou n' te ka di se vre? Non. Pesonn pa t' di anyen sou sa. Pyès moun pa janm tande nou di yon mo sou sa. 27Se mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvèl men l'ap vini! Se mwen menm ki voye yon moun al pote bon nouvèl la bay lavil Jerizalèm. 28Lè mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen. 29Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.
Ezayi 42
1Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis. 2Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari. 3Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt. 4Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo. 5Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa: 6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè. 7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a. 8Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an. 9Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive. 10Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo. 11Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan! 12Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li. 13Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo. 14Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò. 15Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo. 16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre. 17Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont. 18Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen! 19Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m' lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a? 20Nou menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay. Men, sa pa t' di nou anyen! Nou gen zòrèy pou nou tande, men nou pa t' tande anyen 21Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li. 22Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo! 23Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l' tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l' toujou koute depi koulye a? 24Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li. 25Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Ezayi 43
1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. 2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen. 3Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou. 4M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil. 5Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche. 6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè. 7Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti. 8Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande. 9Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive koulye a? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon! 10Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. 11Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! 12Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa. 13M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè? 14Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a. 15Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou! 16Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo. 17Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li. 18Men sa Seyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! 19Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. 20Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak otrich pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele m' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè. 21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen. 22Seyè a di: -Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m'. 23Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen. 24Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo. 25Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo. 26Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon. 27Premye zansèt nou an te fè sa li pa t' dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen. 28Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
