Jou 205 sou 365

Ezayi 35–37

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezayi 35

1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. 2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè. 3Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble! 4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou. 5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche. 6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann. 7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite. 8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a. 9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò! 10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Ezayi 36

1Ezekyas te gen katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo. 2Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil lakis ak yon gwo lame pou l' moute lavil Jerizalèm ale bò kote wa Ezekyas. Chèf gad palè a rive sou wout ki mennen nan jaden kote yo rense twal ki fenk tenn yo, li moute kan li toupre gwo kannal ki bay dlo nan sitèn anwo lavil la. 3Twa moun Jida soti vin jwenn li. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a. 4Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: -Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a? 5Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa? 6Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans. 7Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la? 8Antann nou avèk mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo. 9Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè! 10Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' vin atake peyi ou la pou m' detwi l'. 11Lè sa a, Elyakim, Chebna ansanm ak Joak di chèf gad palè a: -Tanpri, mèt. Pale lang arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute. 12Men chèf gad palè a di yo an ebre: -An! Nou konprann se avè wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. Se ak tout moun ki chita sou miray la menm m'ap pale. Yo menm tou pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou! 13Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di: -Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou: 14Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande! 15Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, li p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a. 16Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou. 17Lè wa a va vin isit la, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven. 18Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a? 19Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'? 20Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove yonn nan peyi sa yo anba men l'? Atò, se Seyè a ki ta ka sove lavil Jerizalèm anba men l'? 21Men pèp la pa louvri bouch li reponn. Yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn. 22Apre sa, Elyakim, pitit Ilkiya a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.

Ezayi 37

1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi li al nan tanp Seyè a. 2Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo. 3Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: -Jòdi a se yon jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lezo men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti. 4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, se pou ou lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou. 5Moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi. 6Men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen. 7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè touye l'. 8Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' te al atake lavil Libna. Se la li al jwenn wa a. 9Paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas. 10Li di yo: -Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans lan, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou. 11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m'! 12Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, lavil Aran, lavil Rezèf ak moun Betedenn yo ki rete lavil Tèlasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo? 13Kote wa lavil Amat la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena ak wa lavil Iva? 14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a. 15Epi li vire bò Seyè a, li lapriyè, li di l': 16-Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a. 17Panche zòrèy ou, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega. 18Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. 19Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo. 20Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye. 21Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas. -Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou. 22Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou. 23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 24Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden. 25Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye. 26Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli. 27Moun ki te rete la yo te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi. 28Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen. 29Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen. 30Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen. 31Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò. 32Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil. 33Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'. 34Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa. 35M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan. 36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri. 37Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv. 38Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason l' yo ki te rele Asaradon, ki te vin moute wa nan plas li.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain