Jou 204 sou 365

Ezayi 32–34

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezayi 32

1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. 2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo. 3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a. 4Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann. 5P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun. 6Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. 7Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis. 8Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa. 9Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: 10Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. 11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon, 12paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an. 13Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a. 14Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje. 15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. 16Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. 17Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. 18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. 19Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. 20Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!

Ezayi 33

1Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou! 2Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray! 3Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye. 4Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale. 5Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an. 6Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a. 7Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo. 8Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega. 9Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy. 10Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m'ap leve kanpe, m'ap fè nou wè jan m' gen pouvwa, jan m' gen fòs kouraj. 11N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou. 12M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife. 13Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m' gen pouvwa. 14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa? 15Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal. 16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè. 17Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi. 18Lè sa a, n'a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n'a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t'ap mache enspekte fò yo? 19Nou p'ap wè bann moun awogan sa yo ankò, bann moun ki soti lòt peyi, ki pale lòt lang ou pa ka menm konprann, yon lang k'ap kòche zòrèy ou. 20Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase. 21Se la Seyè a pral fè nou wè pouvwa li. M'ap rete bò gwo larivyè a ak gwo kannal dlo yo, men ankenn kannòt, ankenn batiman lènmi p'ap ka pase ladan yo. 22Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou. 23Tout kòd batiman yo p'ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y'ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou. 24Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.

Ezayi 34

1Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute! 2Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li. 3Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san. 4Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy. 5Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri. 6Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon. 7Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès. 8Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo. 9Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon. 10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò. 11Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li. 12P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt. 13Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo. 14Bèt k'ap viv nan dezè yo pral kontre ak chen mawon. Mal yo, yonn pral rele lòt. Se la lagrandyab la pral rete. Se la l'a jwenn yon kote pou l' poze kò l'. 15Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble. 16Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt. 17Se li menm menm ki pral separe tè a ba yo chak pòsyon pa yo. Y'ap rete nan peyi a pou tout tan. Peyi a va rele yo pa yo jouk sa kaba.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain