Jou 203 sou 365
Ezayi 29–31
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezayi 29
1Mwen wè malè pou lotèl Bondye a, lavil Jerizalèm! Mwen wè malè pou lavil kote David te moute kan li an. Kite ennan, dezan konsa pase, kite tout fèt yo fin pase, 2Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li. 3Bondye pral atake lavil la tankou David te fè l' la. Li pral sènen l' ak sòlda. L'ap fèmen l' toupatou. 4Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb! 5Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa, 6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule. 7Lè sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l' kote l' te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit. 8Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd. 9Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg! 10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye. 11Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l' bay yon moun ki konn li pou nou mande l' li l' pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele. 12Lè ou pote l' bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l' li l' pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li. 13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa. 14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen. 15Madichon pou moun k'ap kache Seyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo an kachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè. 16Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye? 17Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa. 18Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè. 19Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan. 20Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal, 21moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis. 22Se poutèt sa, koulye a, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò. 23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif. 24Moun ki te pèdi tèt yo va rive gen bon konprann. Moun ki te toujou ap bougonnen yo va kontan aprann nan men mwen.
Ezayi 30
1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche. 2Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip. 3Men, farawon an p'ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou. 4Malgre delege yo gen tan rive lavil Zoan ak lavil Anès, 5pèp Jida a pral règrèt yo te janm mete konfyans yo nan yon pèp ki pa ka fè anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k'ap fè yo wont, yon nasyon k'ap ba yo desepsyon. 6Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo. 7Paske konkou Lejip ap ba yo a p'ap sèvi yo anyen, paske li pa vo anyen, se poutèt sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l': Dragon dan kase a. 8Seyè a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan. 9Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a. 10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a. 11Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 12Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye. 13Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou. 14N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous. 15Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t' vle. 16Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou! 17Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan. 18Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li. 19Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou. 20Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò. 21Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase! 22N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou! 23Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje. 24Towo bèf ak bourik k'ap sèvi pou travay tè nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon zèb sale y'a vannen epi y'a ranmase ak fouch mete nan depo. 25Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann. 26Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a. 27Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L'ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje. 28Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabo. L'ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo. 29Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l' lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la. 30Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl. 31Moun peyi Lasiri yo pral tranble lè y'a tande vwa Seyè a k'ap ba yo baton. 32Chak fwa Seyè a va ba yo yon kout baton pou l' pini yo, y'a tande son tanbou ak son gita k'ap jwe nan peyi Izrayèl. Se Seyè a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo. 33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.
Ezayi 31
1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a. 2Men tou, Seyè a konn sa l'ap fè. L'ap voye malè sou mechan yo, li p'ap chanje pawòl. L'ap pini mechan yo ansanm ak moun k'ap pwoteje mechan yo. 3Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm! 4Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a. 5Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'. 6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen! 7Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo. 8Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav. 9Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
