Jou 202 sou 365
Ezayi 25–28
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezayi 25
1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la. 2Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò. 3Se poutèt sa, moun gwo nasyon yo ap fè lwanj ou. Lwijanboje ki rete nan lavil gwo peyi yo va gen krentif pou ou. 4Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi. 5Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk. Men, Seyè, ou kase fe lènmi nou yo. Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo. Ou fè yo frèt tankou lè gwo nwaj bare solèy la nan sezon chalè. 6Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan. 7Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a. 8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa! 9Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou. 10Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt. 11Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje soti. Men Seyè a pral kraze lògèy yo, l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo. 12L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.
Ezayi 26
1Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou. 2Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre. 3Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! 4Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou. 5Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè. 6Pòv yo ak malere yo ap foule l' anba pye yo! 7Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo. 8Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan! 9Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis. 10Si yo fè mechan yo gras se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye! 11Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo. 12Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou! 13Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi! 14Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò. 15Seyè, ou fè nasyon nou an vin pi plis. Ou fè l' vin pi plis, ou laji fwontyè peyi a. Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa. 16Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè. 17Seyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l'. 18Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l' akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt. 19Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò. 20Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase. 21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Ezayi 27
1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a. 2Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an. 3Se mwen menm, Seyè a, k'ap okipe jaden an. Se chak lè m'ap wouze l'. Lajounen kou lannwit m'ap veye l', pou pesonn pa fè l' anyen. 4Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife. 5Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen. 6Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay. 7Seyè a pa t' pini l' menm jan li te pini lènmi l' yo. Li pa t' touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap ansasinen l' yo. 8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale. 9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a. 10Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje. 11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras. 12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi. 13Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.
Ezayi 28
1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou! 2Seyè a gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l', l'ap leve yo. l'ap fese yo atè. 3Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo. 4Bèl kapital chèf sa yo pral fini kraze sou tèt mòn kote l'ap donminen sou bon venn tè ki nan fon an. Enben, yo pral disparèt tankou premye fig frans mi ki parèt nan sezon an. Wè yon moun wè l', l'ap pran l', l'ap manje l'. 5Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo. 6L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la. 7Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo. 8Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal. 9Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l' konnen an? Gen lè se pou timoun ki fèk sevre, timoun ki fèk kite tete? 10Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. 11Si yo pa koute m', Bondye pral voye yon bann moun k'ap pale yon lòt lang yo p'ap konprann menm pou pale ak yo. 12Se li menm ki te ban nou yon kote pou n' poze kò nou, yon peyi kote tout moun ki bouke ka jwenn kanpo, yon peyi kote moun ka viv ak kè poze, men nou derefize koute. 13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye. 14Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou: 15-N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou. 16Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote. 17Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seriozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l' nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale. 18Li pral kraze kontra nou te pase avèk lanmò a. Li pral chire papye nou te siyen avèk chèf peyi kote mò yo ye a. Lè malè a vini, l'a kraze nou. 19Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n' sipòte l' lajounen kou lannwit. Chak mesaj Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman. 20Jan pawòl la di a, n'ap tankou moun k'ap chache kouche sou yon kabann twò kout pou yo, anba yon lenn ki manke lajè. 21Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann. 22Koulye a, piga nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Seyè ki gen tout pouvwa a fè m' konnen li fin pran desizyon l' pou l' detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide. 23Pare zòrèy nou! Tande sa m'ap di nou! Koute byen pawòl k'ap soti nan bouch mwen! 24Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l' ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante. 25Rive yon lè, lè li fin bat tè a, l'ap simen grenn tankou lanni ak kannèl. Apre sa, l'ap plante ble, pitimi ak lòj. Lèfini, sou lizyè jaden an li gen dwa simen lòt grenn tankou pwa chouk. 26Li konn sa pou l' fè, paske se Bondye menm ki moutre l' sa pou l' fè. 27Yo pa janm sèvi ak woulo pou degrennen lanni osinon kannèl. Men, se avèk yon bout bwa yo bat pitimi ak pwa. 28Lè y'ap bat ble a pou degrennen l', yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo. 29Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li soti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
