Jou 190 sou 365
Pwovèb 30–31
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Pwovèb 30
1Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò! 2Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun. 3Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye. 4Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen? 5Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. 6Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye. 7Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri. 8Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. 9Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz. 10Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou. 11Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo. 12Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen. 13Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo. 14Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo. 15Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont. 16Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase. 17Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li. 18Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa. 19Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou. 20Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal. 21Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte. 22Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen, 23se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li. 24Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen: 25Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la. 26Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch. 27Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann. 28Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo. 29Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach: 30Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn. 31Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo. 32Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou! 33Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.
Pwovèb 31
1Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li: 2Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? 3Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo. 4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. 5Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. 6Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. 7Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. 8Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. 9Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. 10Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. 11Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. 12Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. 13Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. 14Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. 15Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. 16Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. 17Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. 18Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. 19Li file koton, li koud rad li. 20Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. 21Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. 22Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. 23Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. 24Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. 25Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. 26Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. 27Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. 28Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. 29L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! 30Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. 31Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
