Jou 191 sou 365

Eklezyas 1–4

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Eklezyas 1

1Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm. 2Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase. 3Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'? 4Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè. 5Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l' leve a ankò. 6Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete. 7Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule. 8Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande. 9Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni. 10Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt. 11Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a. 12Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm. 13Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. 14Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen. 15Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen. 16Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans. 17Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen. 18Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.

Eklezyas 2

1Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen! 2Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen! 3Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m' nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m': Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a. 4Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. 5Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. 6Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. 7Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. 8Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. 9Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen. 10Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. 11Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni. 12Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l' yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou. 13Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, pito ou gen konprann pase ou pa genyen. 14Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan. 15Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen! 16Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt. 17Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen. 18Tout travay mwen te fè sou latè pa di m' anyen ankò, paske mwen konnen mwen gen pou m' kite yo pou sa k'ap vin dèyè. 19Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen. 20Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'. 21Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm. 22Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou? 23Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen. 24Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye. 25Paske, san Bondye, ki moun ki ka manje? Ki moun ki ka bwè. 26Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Eklezyas 3

1Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fèt sou latè. 2Li fikse lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte, 3lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati. 4Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt, 5lè pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li, lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès. 6Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan, 7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale. 8Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè. 9Kisa yon nonm jwenn nan travay li? 10Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. 11Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a. 12Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen. 13Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. 14Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li. 15Sa ki rive koulye a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè bagay ki te rive deja rive ankò! 16Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. 17Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lè pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. 18Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. 19Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. 20Tou de pral menm kote Tou de soti nan pousyè tè a. Tou de ap tounen pousyè tè a ankò. 21Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre? 22Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l'. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?

Eklezyas 4

1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo. 2Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo. 3Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a. 4Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen. 5Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou. 6Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen. 7Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò. 8Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv. 9Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. 10Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. 11Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? 12Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase. 13-(we vèsè pwochen) 14Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy. 15Mwen kalkile, mwen gade tout moun k'ap viv sou latè, mwen di nan mitan tout moun sa yo gen jenn gason ki pral pran plas wa a. 16Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l' mouri, pesonn p'ap chonje di l' mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain