Jou 189 sou 365
Pwovèb 27–29
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Pwovèb 27
1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. 2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. 3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache. 4Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? 5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. 6Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou. 7Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. 8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li. 9Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. 10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. 11Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo. 12Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. 13Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 14Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. 15Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. 16Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! 17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. 18Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. 19Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye. 20Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. 21Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. 22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt. 23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. 24Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. 25Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. 26Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. 27W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.
Pwovèb 28
1Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon. 2Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan. 3Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt. 4Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo. 5Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay. 6Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. 7Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'. 8Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere. 9Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi. 10Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans. 11Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'. 12Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache. 13Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. 14Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo. 15Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo. 16Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan. 17Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'. 18Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe. 19Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. 20Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich. 21Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz. 22Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan. 23Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'. 24Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize. 25Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen. 26Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove. 27Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon. 28Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.
Pwovèb 29
1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò. 2Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn. 3W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye. 4Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a. 5Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo. 6Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt. 7Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa. 8Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache. 9Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle. 10Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'. 11Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li. 12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'. 13Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè. 14Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan. 15Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont. 16Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe. 17Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan. 18Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande! 19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi. 20Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile. 21Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye. 22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen. 23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye. 24Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li. 25Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen. 26Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri. 27Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
