Jou 187 sou 365
Pwovèb 21–23
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Pwovèb 21
1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle. 2Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo. 3Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li. 4Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche. 5Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen. 6Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache. 7Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye. 8Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat. 9Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont. 10Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn. 11Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans. 12Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo. 13Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou. 14Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'. 15Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase. 16Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon. 17Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan. 18Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe. 19Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen. 20Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo. 21Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'. 22Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an. 23Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm. 24Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn. 25Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou. 26Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè. 27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo. 28Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di. 29Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè. 30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann. 31Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.
Pwovèb 22
1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. 2Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. 3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. 4Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. 5Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo. 6Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'. 7Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. 8Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. 9Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'. 10Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann. 11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè. 12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont. 13Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a. 14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a. 15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò. 16Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. 17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a. 18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou. 19Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a. 20Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo. 21Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo: 22Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. 23Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. 24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. 25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou. 26Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. 27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou. 28Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo. 29Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
Pwovèb 23
1Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye. 2Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou. 3Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou. 4Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. 5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale. 6Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou. 7Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa. 8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen. 9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li. 10Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa. 11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou. 12Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale. 13Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'. 14Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri. 15Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. 16M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou. 17Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye. 18Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan. 19Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat. 20Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte. 21Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè. 22Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun. 23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. 24Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan. 25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan. 26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv. 27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis. 28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo. 29Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj? 30Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe. 31Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. 32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. 33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale. 34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman. 35Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
