Jou 186 sou 365

Pwovèb 18–20

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Pwovèb 18

1Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy. 2Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri. 3Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont. 4Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan. 5Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis. 6Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou. 7Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li. 8Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo. 9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt. 10Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon. 11Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo. 12Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou. 13Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont. 14Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li? 15Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou. 16Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg. 17Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba. 18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon. 19Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt. 20Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. 21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn. 22Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'. 23Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun. 24Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Pwovèb 19

1Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. 2Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm. 3Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye. 4Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou. 5Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti. 6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè. 7Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou! 8Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen. 9Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri. 10Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg. 11Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal. 12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden. 13Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete. 14Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa. 15Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou. 16Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri. 17Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. 18Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo. 19Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan. 20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. 21Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive. 22Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò. 23Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou. 24Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo. 25Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans. 26Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li. 27Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja. 28Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste. 29Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

Pwovèb 20

1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. 2Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal. 3Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont. 4Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'. 5Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò. 6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans. 7Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo. 8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen. 9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li? 10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. 11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon. 12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande. 13Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje. 14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè. 15Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè. 16Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 17Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan. 18Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè. 19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp. 20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan. 21Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou. 22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou. 23Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans. 24Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi? 25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita. 26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo. 27Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè. 28Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri. 29Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'. 30Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain