Jou 185 sou 365

Pwovèb 15–17

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Pwovèb 15

1Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite. 2Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans. 3Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan. 4Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre. 5Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo. 6Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo. 7Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo. 8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'. 9Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li. 10Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri. 11Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun. 12Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy. 13Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou. 14Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans. 15Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou. 16Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje. 17Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou. 18Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè. 19Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'. 20Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'. 21Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat. 22Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. 23Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon! 24Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a. 25Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo. 26Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch. 27Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan. 28Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl. 29Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'. 30Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl. 31Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann. 32Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann. 33Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Pwovèb 16

1Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye. 2Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo. 3Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè. 4Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'. 5Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa. 6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal. 7Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'. 8Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal. 9Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a. 10Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman. 11Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès. 12Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun. 13Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti. 14Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan. 15Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan. 16Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan. 17Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal. 18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri. 19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò. 20Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a! 21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans. 22Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt. 23Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz. 24Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou. 25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò. 26Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch. 27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife. 28Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado. 29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon. 30Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou. 31Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan. 32Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil. 33Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

Pwovèb 17

1Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman. 2Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit. 3Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun. 4Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti. 5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'. 6Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit. 7Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti. 8Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè. 9Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado. 10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt. 11Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'. 12Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute. 13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou. 14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou. 15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo. 16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann. 17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou. 18Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun. 19Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo. 20Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka. 21Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan. 22Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye. 23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt. 24Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle. 25Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'. 26Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal. 27Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann. 28Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain