Jou 184 sou 365

Pwovèb 12–14

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Pwovèb 12

1Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. 2Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan. 3Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. 4Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 5Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. 6Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje. 7Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la. 8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan. 9Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. 10Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray. 11Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. 12Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo. 13Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa. 14Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè. 15Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo. 16Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann. 17Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje. 18Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd. 19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. 20Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. 21Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou. 22Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. 23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt. 24Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. 25Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan. 26Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo. 27Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. 28Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.

Pwovèb 13

1Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'. 2Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste. 3Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo. 4Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. 5Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo. 6Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt. 7Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin. 8Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'. 9Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri. 10Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. 11Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. 12Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou. 13Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo. 14Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje. 15Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di. 16Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt. 17Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze. 18Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo. 19Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an. 20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm. 21Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans. 22Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li. 23Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou. 24Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'. 25Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.

Pwovèb 14

1Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li. 2Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. 3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. 4Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. 5Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. 6Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. 7Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen. 8Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe. 9Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo. 10Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou. 11Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. 12Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò. 13Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. 14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li. 15Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'. 16Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. 17Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz. 18Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans. 19Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo. 20Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. 21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! 22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou. 23Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. 24Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt. 25Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo. 26Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye. 27Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje. 28Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen. 29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt. 30Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. 32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje. 33Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen. 34Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon. 35Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain