Jou 183 sou 365

Pwovèb 8–11

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Pwovèb 8

1Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande. 2Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo. 3L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di: 4Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande. 5Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri. 6Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat. 7Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti. 8Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi. 9Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans. 10Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò. 11Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'. 12Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann. 13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti. 14Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa. 15Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis. 16Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm. 17Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen. 18Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen. 19Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan. 20Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis. 21Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès. 22Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay. 23Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè. 24Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo. 25Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo. 26Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt. 27Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a. 28Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a. 29Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a. 30Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'. 31Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm. 32Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè! 33Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa. 34Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen! 35Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye. 36Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

Pwovèb 9

1Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto. 2Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje. 3Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: 4Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo: 5Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non! 6Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans. 7Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li. 8Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou. 9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li. 10Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri. 11Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne. 12Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou. 13Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen. 14Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la. 15L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo: 16Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo: 17Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou! 18Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.

Pwovèb 10

1Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn. 2Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou. 3Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a. 4Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. 5Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi. 6benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan. 7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman. 8Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri. 9Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis. 10Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont. 11Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan. 12Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont. 13Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo. 14Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen. 15Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li. 16Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo. 17Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo. 18Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann. 19Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen. 20Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen. 21Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann. 22benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li. 23Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann. 24Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'. 25Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm. 26Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo. 27Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo. 28Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan. 29Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo. 30Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a. 31Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt. 32Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.

Pwovèb 11

1Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi. 2Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann. 3Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye. 4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou. 5Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo. 6Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a. 7Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen. 8Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive. 9Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo. 10Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun. 11Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo. 12Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li. 13Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò. 14Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. 15Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt. 16Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li. 17Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò. 18Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. 19Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. 20Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo. 21Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove. 22Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon. 23Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi. 24Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. 25Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. 26Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache. 27Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'. 28Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon. 29Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann. 30Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun. 31Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain