Jou 182 sou 365
Pwovèb 4–7
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Pwovèb 4
1Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. 2Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. 3Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. 4Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv. 5Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. 6Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou. 7Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann. 8renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou. 9Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase. 10Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. 11Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. 12Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. 13Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou. 14Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. 15Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. 16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. 17Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. 18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. 19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. 20Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. 21Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. 22Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. 23Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv. 24Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. 25Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. 26Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. 27Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
Pwovèb 5
1Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann. 2Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann. 3Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo. 4Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò. 5L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou. 6Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale. 7Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a. 8Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li, 9pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou! 10Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè. 11Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou. 12Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen? 13Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'. 14Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'. 15Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete. 16Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari. 17Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou. 18Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. 19L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li. 20Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun? 21Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou. 22Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive. 23Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.
Pwovèb 6
1Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete, 2si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou, 3ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout. 4Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen. 5Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè. 6Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. 7Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. 8Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la. 9Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi? 10W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo. 11Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen. 12Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. 13Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo. 14Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife. 15Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò. 16Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: 17Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, 18se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, 19se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado. 20Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. 21Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. 22Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè. 23Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi. 24Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. 25Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou. 26Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen. 27Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule. 28Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule. 29Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa. 30Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. 31Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li. 32Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li. 33L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a. 34Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'. 35Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa.
Pwovèb 7
1Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a. 2Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. 3Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'. 4Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou. 5Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. 6Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a. 7Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou. 8Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan. 9Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa. 10Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li. 11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li. 12Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou. 13Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l': 14Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. 15Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou. 16Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen. 17Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li. 18Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou. 19Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen. 20Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou. 21Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte. 22Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen 23k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje. 24Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou. 25Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou. 26Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo. 27Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
