Jou 169 sou 365

Sòm 73–77

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Sòm 73

1Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. 2Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, 3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. 4Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. 5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. 6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. 7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. 8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. 9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. 10Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. 11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? 12Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. 13Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? 14Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. 15Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. 16Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, 17jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. 18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. 19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. 20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. 21Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil. 22Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou. 23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. 24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. 25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. 26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen. 27Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou. 28Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Sòm 74

1Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? 2Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a! 3vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a. 4Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo. 5Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak. 6Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato. 7Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè. 8Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a! 9Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje. 10Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou? 11Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze? 12Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè. 13Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo. 14Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'. 15Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch. 16Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo. 17Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi. 18Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou! 19Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt. 20Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen. 21Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou. 22Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen! 23Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.

Sòm 75

1(075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo! 2(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt. 3(075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm. 4(075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans! 5(075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la! 6(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid. 7(075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt. 8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak. 9(075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li. 10(075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!

Sòm 76

1(076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl. 2(076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon. 3(076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè. 4(076:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo! 5(076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo. 6(076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt. 7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè? 8(076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè, 9(076:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a. 10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou. 11(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. 12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.

Sòm 77

1(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. 2(077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. 3(077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje! 4(077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. 5(077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. 6(077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di: 7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò? 8(077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò? 9(077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè? 10(077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? 11(077:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. 12(077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo! 13(077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! 14(077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. 15(077:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. 16(077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. 17(077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. 18(077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble. 19(077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. 20(077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain