Jou 170 sou 365

Sòm 78–80

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Sòm 78

1Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di! 2Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan, 3bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou. 4Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy. 5Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a, 6pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'. 7Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo. 8Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. 9Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare. 10Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè. 11Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè. 12Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. 13Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray. 14Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo. 15Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè. 16Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè. 17Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a. 18Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a. 19Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a? 20Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann? 21Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo, 22paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo. 23Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la. 24Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la. 25Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo. 26Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid. 27Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè. 28Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo. 29Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi. 30Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou, 31lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la. 32Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo. 33Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt. 34Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li. 35Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo. 36Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch. 37Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo. 38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo. 39Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle. 40Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè! 41Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa! 42Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo, 43lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. 44Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo. 45Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo. 46Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo. 47Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi. 48Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray. 49Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo. 50Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. 51Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan. 52Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a. 53Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo. 54Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a. 55Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete. 56Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè! 57Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape. 58Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. 59Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete. 60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. 61Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale. 62Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. 63Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo. 64Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo. 65Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li. 66Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan. 67Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan. 68Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. 69Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan. 70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo, 71dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la. 72David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.

Sòm 79

1Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje. 3Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo! 4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 5Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 6Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. 7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a. 8Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. 9O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou. 10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule! 11Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non. 12Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo. 13Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.

Sòm 80

1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la. 2(080:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou. 3(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 4(080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou? 5(080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè. 6(080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib. 7(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 8(080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo. 9(080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a. 10(080:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo. 11(080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat. 12(080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo? 13(080:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo. 14(080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non! 15(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a. 16(080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri! 17(080:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a! 18(080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! 19(080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain