Jou 168 sou 365
Sòm 69–72
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Sòm 69
1(069:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. (069:2) Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen. 2(069:3) M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen. 3(069:4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an. 4(069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran. 5(069:6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou. 6(069:7) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont. 7(069:8) Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'. 8(069:9) Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo. 9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure. 10(069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa. 11(069:12) Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib. 12(069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen. 13(069:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou. 14(069:15) Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an. 15(069:16) Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen. 16(069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib. 17(069:18) Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka. 18(069:19) vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo. 19(069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo. 20(069:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt. 21(069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen. 22(069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo. 23(069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò! 24(069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo! 25(069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò. 26(069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a. 27(069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo. 28(069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo. 29(069:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò. 30(069:31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa. 31(069:32) Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn. 32(069:33) Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo. 33(069:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon. 34(069:35) Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye. 35(069:36) L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo. 36(069:37) Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.
Sòm 70
1(070:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (070:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè! 2(070:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. 3(070:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont. 4(070:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! 5(070:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!
Sòm 71
1Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont! 2Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou! 3Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. 4Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo. 5Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason. 6Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou. 7Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou. 8Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa. 9Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'. 10Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'. 11Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'. 12Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou. 13Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen. 14M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. 16Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. 17Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. 18Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan, 19jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou! 20Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a. 21W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò. 22Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. 23M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'. 24Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.
Sòm 72
1Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la! 2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt. 3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a. 4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. 5Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan. 6Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a. 7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè. 8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a. 9Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè. 10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. 11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'. 12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. 13L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. 14L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! 15Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. 16Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden. 17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a. 18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. 19Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn! 20Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
