Jou 155 sou 365

Jòb 35–38

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 35

1Eliyou pran lapawòl ankò, li di: 2-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye, 3lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen. 4Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo. 5Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou! 6Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen? 7Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a? 8Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat. 9Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele. 10Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj. 11Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la. 12Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. 13Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè. 14Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li. 15Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen. 16Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.

Jòb 36

1Eliyou pran pale ankò, li di konsa: 2-Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye. 3Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon. 4Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a. 5Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann. 6Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri. 7Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo. 8Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo, 9Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche. 10Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal. 11Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi. 12Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen. 13Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou. 14Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd. 15Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo. 16Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje. 17Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la. 18Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado! 19Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la. 20Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo. 21Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa. 22Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'. 23Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal. 24Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la. 25Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade. 26Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la. 27Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli. 28Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè. 29Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a. 30Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo. 31Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite. 32Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a. 33Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

Jòb 37

1Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache. 2Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde! 3Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. 4Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw. 5Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann. 6Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe. 7Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'. 8Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich. 9Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò. 10Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas. 11Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen. 12Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè. 13Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou. 14Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen. 15Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo? 16Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès. 17Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou. 18Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè? 19Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'. 20Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'? 21Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò. 22Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè. 23Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan. 24Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

Jòb 38

1Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2-Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? 3Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. 4Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! 5Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? 6Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? 7Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. 8Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? 9Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, 10mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. 11Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. 12Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? 13Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? 14Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. 15Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. 16Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? 17Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? 18Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! 19Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, 20pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? 21Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! 22Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? 23Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? 24Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? 25Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, 26pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, 27pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? 28Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? 29Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? 30Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch? 31Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm? 32Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran? 33Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè? 34Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou? 35Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou? 36Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe? 37Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli, 38pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm? 39Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo, 40kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a? 41Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain