Jou 154 sou 365

Jòb 31–34

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jòb 31

1Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. 2Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou? 3Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste. 4Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'? 5Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun? 6Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat. 7Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal, 8se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'. 9Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye, 10se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'. 11Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'. 12Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen. 13Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a, 14kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li? 15Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout. 16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite. 17Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen. 18Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo. 19Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra, 20mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe. 21Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal, 22enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase. 23Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'. 24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'. 25Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen. 26Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la. 27Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt. 28Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a. 29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo. 30Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo. 31Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen. 32Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo. 33Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt. 34Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen. 35Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen, 36mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn. 37Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'. 38Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont, 39si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen, 40enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Jòb 32

1Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò. 2Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò. 3Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a. 4Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'. 5Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè. 6Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a. 7Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò. 8Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann! 9Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat. 10Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a. 11Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di. 12Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye. 13Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab. 14Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan. 15Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò. 16Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou. 17Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a. 18Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe. 19Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a. 20Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou. 21Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a. 22Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.

Jòb 33

1Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'. 2M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen. 3M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale. 4Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi. 5Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'. 6Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou. 7Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen! 8Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di: 9Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen. 10Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'. 11Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè. 12La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun. 13Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'? 14Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di. 15Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon. 16Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo. 17Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. 18Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. 20Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. 21Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen. 22Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen. 23Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo. 24Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li. 25Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn. 26Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun. 27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. 28Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò. 29Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm, 30pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan. 31Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale! 32Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon. 33Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

Jòb 34

1Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa: 2-Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou! 3Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou. 4Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a. 5Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis. 6Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal. 7Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè. 8Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo. 9Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye. 10Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri. 11Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo. 12Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki. 13Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li. 14-(we vèsè pwochen) 15Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò. 16Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di. 17Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen? 18Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste. 19Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout. 20Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li. 21L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo. 22Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè. 23Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo. 24Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo. 25Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'. 26Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè. 27Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo. 28Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo. 29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi. 30Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la. 31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò. 32Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò. 33Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou. 34Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa: 35Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt. 36Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'. 37Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain